Akademi Kreyòl Ayisyen

Rogéda Dorcé Dorcil : « Popilasyon an dwe kwè nan lang li »

Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil prezante vrè wòl akademi kreyòl la nan yon entèvyou li bay jounal Le Nouvelliste. Daprè li, akademi an dwe travay pou fè pledwari nan tout kwen nan sosyete ayisyen an pou fòse tout moun konnen kreyòl la. Akademi an ka ankouraje enstitisyon k ap travay nan kesyon lang kreyòl espesyalman pou yo kontinye fè travay yo ak plis konviksyon epi plis detèminasyon.

Emmanuel Thélusma
Par Emmanuel Thélusma
19 avr. 2018 | Lecture : 3 min.

Rogéda Dorcé Dorcil fè konnen yon lang pa oblije gen yon Akademi pou fè li vanse. « Nan tèt anpil moun, lang kreyòl la bezwen yon Akademi pou ede l devlope. Se prèske sa ki lespri atik 213 Konstitisyon 1987 la ki kreye Akademi an. Men yon lang pa oblije gen yon Akademi pou fè li vanse. Sa ki pi enpòtan se popilasyon an ki bezwen kontinye ap pale lang li, kwè nan lang li », selon sa li fè konprann avan li esplike pi lwen : Men lè nou konsidere kesyon an sou aspè sosyolengwistik, lè nou konsidere kijan kesyon lang yo ti kras konplèks nan peyi

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.