Akademi Kreyòl Ayisyen

Clotaire Saint-Natus : « Mwen te temwen evolisyon mouvman lang kreyòl la an Ayiti. »

Anvan li te vin akademisyen nan lane 2014, Clotaire Saint-Natus, di li te gentan fè gwo wout ak lang kreyòl la. li di li pa t sispann defann li, itilize l chak jou nan tout pwodiksyon li yo. Se poutèt sa, li prezante tèt li tankou yon moun ki ka itil anpil nan Akademi Kreyòl Ayisyen an paske l se yon temwen evolisyon mouvman lang kreyòl la an Ayiti .

Emmanuel Thélusma
Par Emmanuel Thélusma
13 avr. 2018 | Lecture : 3 min.

Clotaire Saint-Natus esplike pi lwen kouman vi li makonnen ak lang kreyòl la. pou li, prezans li ap itil anpil. « lè m konsidere diferan travay mwen fè yo, m ap kapab itil Akademi an e entèvni sou anpil kesyon. M gen kapasite pou reponn korèkteman sou anpil koze sou lang lan. Mwen pral travay kon mèt Janjak ak lòt kolèg yo pou n ka fè pwopozisyon yon lwa pou lang kreyòl ayisyen an ka vin manman lang, lang nasyonal », se pwomès sa li te fè anvan li te vin entegre gran kò sa. Men sa fè déjà 2 lane depi Clotaire Saint-Natus ap jwe wòl akademis

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.