Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
Pouki yon powèm anplis
Pou n pa bliye Willems Edouard Kwazeleuit !Espadone! Pètèt! Men nou p ap pwostène ni mete ajenou Sou pisdans asasen kote tout pa se fopa nou p ap make l pa nou p ap fè bak lè yon sitwayen yon sanba mal tonbe chagren alenbo nou diyite n anraj konsyans nou revòlte E pou powèt la pa akouche yon powèm anplis pou asistans lan pa sibi yon pawòl dlonanje yon powèm ekri pou granmesi chak fwa moveje keyi yon zetwal anflè nou dwe kontinye selebre lavi chante lanati brandi yon sèl zepi pwotestasyon kont fòs fènwa chak fwa yon vwa tèt nan peristil pran yon pataswèl youn akote lòt ak kouraj nou dwe drese tonnèl lespwa refize tout litani tètbese zonbi mannmannan tout powèm anmè sizonnen ak lapenn lè n pèdi yon vwa kristal vwa a kontinye grate banjo nan mwèltèt nan jaden kè powèt pa mouri chak pawòl li se grenn resistans tizon zèklè nan memwa vivan sou tab fratènite Sevre! lè yon powèt tonbe Kelkeswa jan l tonbe sa fè mal S on michan sokabrit ki rete kous vivan se yon konplent nofraj nan move van Lè yon powèt mouri se yon dènye vwayaj ki grennen sou chemen l yon pidetwal lespwa Powèm se melodi chaje ak emosyon k ap simaye lwanj nan bonèt lakansyèl JakWoumen ReneBelans PòLLarak GariOgisten RemonChasay kite nou dlonanje nan yon twouhing san fon Mizik yo toujou ap bèse nanm nou menm si nou te tris akoz lanmò yo nou p at ankòlè Eritaj yon powèt gen gou letènite Kòd banjo a pa janm kase Men lè se atoufè ki toufe vwa powèt MasiyonKwakou JakAleksi jakWòch WilèmsEdwa doulè pa gen non doulè pa gen bout sanba pa t fin chante se yon vwa ki koupe sèk estilè silans sa a blese jouk nan zo Ansasen, pinga! Touye se krim gratis tout limyè klere pou kwape fòsfènwa lalimyè pa kale lannuit li lonje dwèt sou li ak fòs gam pou denonse kriminèl Simidò ap toujou prezan bandjo nèf kòd li atouprèt byen akòde pou chante libète.
