Pwezi

Gad lari Pòtoprens

Ou poko fe yon vire Nan lari Pòtoprens Ou pa kon-n kote Pou mete pye-w Ni nan ki direksyon Pou fikse zye-w Ki diskou nou kenbe Tanto prezidan avi Youn di viv la nasyon ayisyèn ini pou toutan Lòt di rale ti chèz ba-w pou yon yi koze anba tonèl Degaje-w kou-w konnen pou-w naje pou-w sòti Lè se pa ansanm nou se lavalas Yon sèl dwèt pa manje kalalou Se kleron \"je suis kle président de tous les haïtiens\" Gras a dye mwen pa ayisyèn M-se pòtoprensyèn Pa gen youn ki te chèf mwen Ou pa ta fè yon sezisman Aprann konte de 1 jiska 5 Sanble pa gin lòt chif nan matematik, aritmetik la Ti sylabè ayisyèn pa-t gen valè A la koze papa! Ou pa janm vire Nan kèk katye, kèk zòn pou tande Wa sezi wè sa Yon pakèt jounalis Yon bann medya San antèn ka bay e fè nouvel W\'ap poze tèt ou kesyon E menm mande Ki non jounalis sa yo nasyonal ou entènasyonal Yo san lè rele tèt yo Lilyàn, soni, mari lisi, evra Rikado òtega, anwaye espesyal Nan ki estasyon y-ap travay Ki jounalis yo ye Ekri, pale, televize Chèche konnen! Sa k-ap fè kòmantè Sou sitiyasyon peyi a Jòb di anvan sa te rive Mwen te gentan konnen Bòb sius ki pa menm ka mache Konnen sa ki di nan tout reyinyon Sa-k pas nan chak manifestasyon Vwazin kouman ou ye, ou pral vann Kote kòmè anyen poko klè non, yon kadè se yon kouri Pitit ou pran nan cho! Di-n non ki slogan w-renmen Paske de tan zan tan l-chanje Ak sa diksyonè nou an Pap janm manke mo An-n site kèk Kale bouda-w, voye-l sou bit la Ou gen yon pè pijon blan Se lavi, kokorat, marozo, chimè Yo! sa ka-p fèt, poze, respè Rat pa kaka, sourit pa travèse lari Grenn nan bouda Mezanmi! a la kote ou tande Depi lontan n\'ap siveye kò-n Poukisa tout moun pè moun Sa-k genyen yo pa konn Nan ki kan ou kanpe Ou pè pou yo pa pote ou ale Di-n non souple Ou se divalyeris, atache, frapp, Lavalas, konvèjans, endepandan, net Si-w potko konn jòj De tan, twa mouvman Yo montre ou jòj a klè! Pa bliye Pòtoprens vann nou Men li pa janm ba-w papye Di fèt li chaje ak pwopriete Alòs veye kote w-ap met pye-w Chaje po fig ak po mango Nan lari sa ou sanlè fè yon bitay E byen ti fanm, ti gason Siveye kò-w nan lari Pòtoprens!.

ESTEVEN, Métélus
Par ESTEVEN, Métélus
06 janv. 2005 | Lecture : 3 min.
Ou poko fe yon vire Nan lari Pòtoprens Ou pa kon-n kote Pou mete pye-w Ni nan ki direksyon Pou fikse zye-w Ki diskou nou kenbe Tanto prezidan avi Youn di viv la nasyon ayisyèn ini pou toutan Lòt di rale ti chèz ba-w pou yon yi koze anba tonèl Degaje-w kou-w konnen pou-w naje pou-w sòti Lè se pa ansanm nou se lavalas Yon sèl dwèt pa manje kalalou Se kleron \"je suis kle président de tous les haïtiens\" Gras a dye mwen pa ayisyèn M-se pòtoprensyèn Pa gen youn ki te chèf mwen Ou pa ta fè yon sezisman Aprann konte de 1 jiska
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.