Toro - Carimi ft Mikaben

Toujou parèt ak yon new vibe Mikaben Carimi yon new style Nou gentan konnen sa li ye deja Depi n lage, n met lari a cho N lage papa – bredjen yo mobilize Nou derape papa – polis nasyonal la sekirite Aranje w papa – chanmas toro a pral pase papa A a ane sa nou edifye Gade kijan seleksyon nasyonal la kalifye Imaj negatif tout pral demistifye Nou rete pozitif, avni n nap planifye Tout sa k pa vle n mache n lage l bò figi yo Kalòt marasa bò figi yo Nou pa vin pou n betize, n avanse, wi nou derape N lage papa – yon jan pou peyi m mache Nou derape papa – wa va ranje kò w pou w banm pase Aranje w papa – jenès la mobilize papa Toro a kap pase papa - Nou pa vini pou nou betize “Black Alex nou sonje w wi” Oh oh oh oh oh o h M pap kanpe, m pap kanpe pou limyè wouj, m pap kanpe wo Pa gen anyen ki ka bloke m nan wout [2x] Ou mèt sote ponpe mwen map danse Carimi m Ou mèt manifeste mwen map danse Carimi m Ou mèt kraze brize mwen m ap danse Carimi m Peyi m te mèt bloke mwen m ap danse Carimi m Hey leve men yo, souke men yo, frape men yo Hey leve men yo, souke men yo, m pa tande Hey leve men yo, souke men yo, souke men yo Haiti chante Oh oh oh – sa kap pase la Oh oh oh – sa ki rive la Oh oh oh – sèl sa mwen remake depi djaz sa pase nou ka santi tè a tranble Oh oh oh – sa kap pase la Oh oh oh – Kouman nou ye la Oh oh oh – sèl sa mwen remake depi djaz sa pase nou ka santi tè a tranble Mezanmi chak ane Carimi lage on bagay - move Nou te fè eklate channmas te gen batay – move Nou fin leve dife nou boule tout vye pay – move Nou se toro gwonde ane sa n pile pay Fanatik petyonvil si w se toro di w se toro Toro (4x) Fanatik Delmas di m kisa nou ye Toro (4x) Si w se toro – leve men dwat Si w se toro – leve men goch [2x] Pouse kòd (4x) Toro a pran lari (2x) Fanatik Channmas si w se toro di w se toro Toro (4x) Fanatik Bèlè di m kisa nou ye Toro (4x) Si w se toro – leve men dwat Si w se toro – leve men goch [2x] Pouse kòd (4x) Toro a pran lari (2x) Woy yo pran w (2x) Nan Carimi m pran plezi m, nan Mikaben m pran plezi mwen, woy woy [3x] Tout sak vle peyi m mache leve chemiz anlè – wi Tout sak vle peyi m vanse leve mayo anlè – wi Tout sak vle peyi m dekole leve drapo w anlè – wi Tout sak pa vle nou ka sakaje yo – wi Sakaje(8x) Depi gita lage tout dada kanpe Depi w panche dada w pran tap Depi w panche dada w pran tap – anye anye Depi w panche dada w pran tap - Depi w panche dada w pran tap Depi w panche dada w pran tap - savon tonbe pa ranmase Depi w panche dada w pran tap - Depi w panche dada w pran tap Depi w panche dada w pran tap – politisyen ranje chita w Depi w panche dada w pran tap – pou ti pèp ka pa gad anba w Depi w panche dada w pran tap Grenn wap souse a nan bouch mwen l te ye, atè w prann Ti visye Bondye sa nou fè mechan yo, sa n fè yo, sa n fè yo Bondye sa nou fè mechan yo, n ap fout rele anmwey Peyi m gen twòp kidnapè, tapajè, kap fout fè nou pase mizè Kounya ou menm atoufè w ap volè san w pa janm gad dèyè Kijan w fè santi konsa? Oh Si w met deyodoran, ou pa santi kabrit, ou pa santi djondjon Demen anlè kale kò w Kale kòw Kale dada w – woy woy Kale dada w – nan Carimi Kale dada w – woy woy Kale dada w – nan Mikaben Kale dada w – Ak Barbancourt Kale dada w Si w renmen peyi w Ou konnen djaz ou bon Ou konnen w pral chanpyon Leve demen w kale kò w Kale kòw Kale dada w – woy woy Kale dada w – nan Carimi Kale dada w – woy woy Kale dada w – nan Mikaben Kale dada w – Ak Barbancourt Kale dada w Mezanmi chak ane Carimi lage on bagay - move Nou te fè eklate channmas te gen batay – move Nou fin leve dife nou boule tout vye pay – move Nou se toro gwonde ane sa n pile pay Fanatik petyonvil si w se toro di w se toro Toro (4x) Fanatik Delmas di m kisa nou ye Toro (4x) Si w se toro – leve men dwat Si w se toro – leve men goch [2x] Pouse kòd (4x) Toro a pran lari (2x) .

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
22 janv. 2016 | Lecture : 5 min.
Toujou parèt ak yon new vibe Mikaben Carimi yon new style Nou gentan konnen sa li ye deja Depi n lage, n met lari a cho N lage papa – bredjen yo mobilize Nou derape papa – polis nasyonal la sekirite Aranje w papa – chanmas toro a pral pase papa A a ane sa nou edifye Gade kijan seleksyon nasyonal la kalifye Imaj negatif tout pral demistifye Nou rete pozitif, avni n nap planifye Tout sa k pa vle n mache n lage l bò figi yo Kalòt marasa bò figi yo Nou pa vin pou n betize, n avanse, wi nou derape N lage papa – yon jan pou peyi m ma

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous