Mwa oktòb, mwa kreyòl

« Lavi nan bouk » pral retounen sou sèn

Pou selebre mwa oktòb la ki se mwa kreyòl nan rejyon an, Akademi Kreyòl Ayisyen (Aka), nan kolaborasyon ak ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ak kèk lòt patnè, tabli yon kalandriye aktivite, soti 1e rive 31. Konferans, ekspozisyon, fowòm, sware omaj… Kreyòl pral layite kò l nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo, kote ministè Kilti ap pwofite fè twoup teyat « Lavi nan bouk » la retounen sou sèn jou 13 oktòb la, pou li dekore « Papa Pyè » ak tout lòt aktè twoup sa a.

Martine Fidèle
07 oct. 2015 — Lecture : 8 min.
Martine Fidèle Le Nouvelliste : Poukisa mwa oktòb la se mwa lang kreyòl? Akademi Kreyòl Ayisyen : Se yon tradisyon ki koumanse nan lane 1982 nan vil Sechèl kote plizyè entèlektyèl reprezantan peyi ki pale kreyòl sou latè yo te mete tèt ansanm pou brase lide pou fè yo rekonèt lang kreyòl la tankou tout lang. Yo fòme gwoup BANNZIL KREYOL (kreyòl ki gen baz franse). Youn nan gwo desizyon asosyasyon an, se konsekrasyon yon jounen lang ak kilti kreyòl nan dat 28 oktòb. Konsa, premye « Jounen entènasyonal Lang ak Kilti kreyòl » te fete nan dat 28

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous