Nou te fini premye pati etid sa a (ale wè premye pati a nan Le Nouvelliste 18/6/2012) avèk kritik Charles-Fernand Pressoir te vide sou 2 « Anglo-Saxons », Ormonde McConnell ak Franck Laubach, ki te pwopoze yon òtograf regilye, sistematik, pou lang kreyòl nan ane 1940. Òtograf sa a te baze sou alfabè fonetik entènasyonal. Men, Pressoir ak kèk lòt entèlektyèl ayisyen te panse òtograf McConnell-Laubach la te yon òtograf ki baze sou lang angle. Li deklare Ayiti pa yon peyi anglofòn, se yon peyi frankofòn, donk 2 « Anglo-Saxons » sa yo pa gen dwa pw