Samedi 3 décembre 2016









SOCIETE

Chante reziztans ak kontestasyon nan dyaspora ayisyen nan New York sou rejim Duvalier yo


(Premye pati) Nan dezyèm mwatye ventyèm syèk la, gen yon mouvman kiltirèl ki jèmen lan kominote egzile ayisyen lan dyaspora a. Chante te jwe yon wòl kapital pou mouvman sa a, ki li menm te grefe sou yon mouvman politik ki pote non Mouvement Haïtien d’Action Patriotique (MHAP). Objektif mouvman politik sa a se te sansibilize konpatriyòt ayisyen lan dyaspora a, mobilize yo epi ankouraje yo pote kontribisyon pa yo nan batay pèp ayisyen an t ap mennen kont diktati divalyeris la. Kòm rejim bout di ki te tabli sou zile Ayiti a te mete baboukèt sou lapawòl epi entèdi tout fòm ekspresyon kritik, konpatriyòt pwogresis ki t ap viv andeyò peyi a te bay tèt yo wòl pou denonse toupatou sitiyasyon opresyon ak represyon frè yo ak sè yo t ap sibi andan peyi a ak konplisite gwo peyi kapitalis yo. Ositou nouvo chante angaje ki parèt nan kad mouvman kiltirèl konpatriyòt nou yo devlope nan dyaspora a nan lane 1970/1980 yo, e ki te rele chante patriyotik, te vize an patikilye Ayisyen ki t ap viv aletranje. Plizyè gwoup kiltirèl patriyotik te tabli katye jeneral yo nan de peyi Amerik di Nò ak de peyi Ewòp, an patikilye vil New York, Boston, North Miami, Montréal, Paris ak Bruxelles. Se Tanbou Libète, Solèy Leve ak Atis Endepandan, twa gwoup ki te baze lan New York yo moun te plis konnen. Nouvo chante k ap pote nouvo lide Mouvman patriyotik la deklanche 25 avril 1971, twa jou apre Janklod Divalye prete sèman kòm prezidan avi, lè yon kolonn jenn gason debake sou sèn oditoryòm Hunter College nan Manhattan pou gate yon reprezantasyon atistik. Jenn gason sa yo, ki t ap etidye nan peyi Etazini, pa t gen anyen kont atis Haitian Bells yo ki t ap pèfòme lè sa a, men yo te panse moman trajik pèp ayisyen t ap viv la pa t yon moman pou moun ap fete. Lè a te gen senk bato degè meriken lan rad Ayiti e prezans yo ta pral pwovoke gwo mobilizasyon. Prestasyon sèman Janklod la menm te okazyone premye gwo manifestasyon ayisyen lan New York. Lè sa a gason kou fanm te kouvri kò yo ak manto, yo foure kagoul nan tèt yo tankou madigra nan kanaval pou move je pa rekonèt yo. Se lan atmosfè sa a nesesite yon chante militan vin parèt. Poutèt sa emisyon radyo L’Heure haïtienne chwazi pa jwe mizik k ap fè moun danse ankò. Kit se mizik gwo òkès tankou Nemours Jean-Baptiste ak Wébert Sicot, kit se mizik minidjaz kou Les Schleu Schleu. Konsa tou Koral Patriyotik Tanbou Libète vin fòme apre yon miting Komite 28 jiyè te òganize nan Manhattan pou komemore envazyon 1915 la, kèk semenn apre yon gwo konbit Troupe Kouidor te fè nan Prospect Park, Brooklyn, 1e jiyè 1971.Wòl Tanbou Libète se te travay espesyalman sou chante k ap pote nouvo lide. Premye chante gwoup la ki pase sou antèn L’Heure haitïenne se Piti Piti : Pipi piti n a rive, piti piti n a rive, piti piti si n mache yon jou n a rive.Mwen sèten n a rive, lanmè pa janm seche ; si n konn jan pou n mache, n a wè bout chimen n… Definisyon chante reyaksyonè Epòk sa a atis ak militan pwogresis nan dyaspora a te konstate pi fò chante ki pase lan radyo yo se te chante reyaksyonè ki t ap charye yon bann vye lide. Ki jan yo te defini chante reyaksyonè ? Enben, chante reyaksyonè se chante ki ap bay pèp la manti, se chante ki ap fè moun dòmi. Chante ki lan enterè grandon, gwo boujwa, gwo komèsan ak tout gwo zotobre k ap viv sou do mas popilè yo. Pami chante k ap bay manti yo gen Nèg gen move mannyè k ap foure prejije ras, klas ak koulè nan tèt moun. Se chante k ap di lan peyi pa m fanm pa kòmande pou fè n konprann fanm rete ak gason. Se chante tankou Sobo ki di : Sobo mande lajan ak zanmi sa ou pito ? Apre mizè m pase m pito lajan. Se pawòl divizyon ak fason panse endividyalis. Nan sa k ap fè moun dòmi yo gen Mèsi Bondye k ap di lamizè fini pou nou. Papa Bondye ki lan syèl ap regle zafè n pou nou. Kidonk, chante bondyebon. Yon lòt ankò k ap preche reziyasyon se Malsite ki di kon sa : vye soulye lan pye m, rechany mwen pachiman, se lan on vè tafya mwen santi m byennere. Ti jefò ki te konn fèt pasipala Èske nou dwe konprann atis pwogresis yo te kwè tout chante anvan 1971 yo pa t di laverite ? Paditou. Atis yo te dakò gen ti jefò ki fèt pasipala. Van tanpèt, yon chante Orchestre Septentrional dekri lavalas k ap ravaje tè abitan laplenn. Chada, yon tèks Doktè Claude Innocent Trio Select chante, lonje dwèt sou tribilasyon ouvriye agrikòl ap pase sou tè peyizan konpayi meriken fè dappiyanp sou yo. Nou kapab nonmen tou N ap pouse bourèt, mizik Ensemble Raoul Guillaume ki montre sitiyasyon mizerab lavi yon bouretye. Definisyon chante revolisyonè Menm jan militan pwogresis yo te mete etikèt reyaksyonè sou sèten chante, se menm jan tou yo te mete etikèt revolisyonè sou sèten lòt.Chante revolisyonè te vle di: chante k ap denonse esplwatasyon ak opresyon pwoletè ak abitan pòv ap sibi anba men boujwa ak grandon. Se chante k ap rele chalbari dèyè abi gwo zouzoun ap fè pitit sòyèt. Se chante k ap mande pèp ayisyen kanpe kont dominasyon peyi enperyalis yo. Se chante k ap mande tout patriyòt konsekan pou reziste anba represyon fòs reyaksyonè yo e goumen pou chanje sitiyasyon peyi d Ayiti.Youn lan chante ki te senbolize dinamis, fòs ak detèminasyon nouvo kouran kiltirèl sa a se Koulangèt manman ou blan : Ou fè mwen vini nan peyi w, ou aprann mwen monte sobwe, w a remèt mwen pye kokoye m. Ou ale lakay ou bwè kafe m, ou ale lakay ou bwè kleren m, ou menm monte sou vant fanm mwen. Men koulangèt manman ou blan, lè ou fin monte m w a va desann mwen… Lan peryòd la sèten moun te choke pou jan chante a te dirèk, brital, sale. Sepandan, fòk nou di mizik la te mache nan san pi fò patriyòt. Li te pèmèt yo dechaje kòlè yo, endiyasyon ak imilyasyon yo te santi anfas sitiyasyon malouk yo t ap viv la. Men, amezi tan t ap pase, Jean-Claude te kare kò l pi plis lan palè a, emosyon te vin kalme e chante a te pèdi nan efikasite l. Ositou gen jefò ki te fèt apre sa pou chanje sèten mo ladan, yon mannyè pou evite konfizyon, dotanpli te gen anpil Blan ki t ap sipòte mouvman patriyotik la e ki te patisipe nan plizyè aktivite li yo.Se poutèt sa Tanbou Libète vin deside itilize mo Yanki a lan plas Blan. Mizik nèf kit nan mesaj kit nan fòm Gen sèten atis ak militan ki te kwè se pa kontni chante yo sèlman ki te merite chanje. Yo te panse karaktè revolisyonè yon chante pa dwe chita sèlman lan mesaj ki pase ladan, men li ta fèt pou parèt lan fòm mizik la tou. Sou pwen sa nou dwe fè yon konsiderasyon espesyal pou yon gitaris ki gen yon gwo renome e ki jwe yon wòl enpòtan lan difizyon chante patriyotik yo. Nou vle pale de Alix Pascal, tout moun konnen sou non Tit Paskal. Se yon mizisyen eksperimante ki te jwe nan Les as de Pétion-Ville ak Ibo Combo anvan li travèse nan peyi Etazini. Li te vwayaje apre li resevwa yon bal revòlvè nan men yon ti frè madan Max Adolphe. Fiyèt lalo sa ki gen non jennfi Rosalie Bosquet te chèf tonton makout Duvalier yo nan epòk la. Gitaris la ki sou chèz woulan depi lè sa a paralize jouk jounen jodi a. Se Tit ki fè aranjman mizikal pou tout mizik ki sou plak The Haitian Bells la ki soti an 1973. Misye pa t manm gwoup fòlklorik la ; li te pito sa yo rele yon atis envite pou plak sa a, kote li jwe bas elektrik nan chante Severine ak Depi nan Ginen.Nan menm epòk sa a, Tit ak yon ponyen mizisyen gwoup mizikal L’Heure haïtienne nan te angaje nan rechèch pou mete kanpe yon mizik nèf, yon mizik revolisyonè. Sa ki te karakterize mizik eksperimantal sa a se sitou onomatope, disonans, senkòp akonpaye ak batman tanbou, woulman batri sou yon liy melodik djaze. Pwototip eksperyans sa a se yon mizik gwoup la batize: M rele. Gen yon gwoup kiltirèl ki merite apresyasyon nou tou. Gwoup sa a se Troupe Kouidor ki te jwe yon gwo wòl lan aparisyon chante patriyotik yo e lan devlopman yon nouvo teyat ayisyen. Li met yon plak deyò an 1979 ak sèten chante lan repètwa li. Pratik kiltirèl Troupe Kouidor chita esansyèlman lan teyat. Twoup la bay premye pèfòmans li 20 septanm1969 sou sèn Brooklyn Academy of Music. Lè sa a li te monte yon espektak ki rele Les puits errants kote aktè yo t ap prezante yon plak pwezi Anthony Phelps, Jean-Richard Laforest ak Emile Olivier ki te fè pwosè rejim politik an Ayiti a. Tit kokennchenn powèm sa a se Pierrot le Noir. Apre sa Kouidor te bay divès reprezantasyon sou teritwa Martinique, France ak États-Unis. Li te jwe plizyè pyès teyat tankou : Mémoires d’un balai, Tanbou Tibout la bout, La parole des grands fonds, Quelle mort tua l’empereur ? Epi Telcide ak Dulcéna. Seka ak Tètu se de chante twoup la ki gen yon karaktè eksperimantal e ki montre jefò yo t ap fè nan rechèch pou akouche yon mizik diferan. 1. Kontribisyon Tit Paskal Apa The Haitian Bells Tit Paskal te bay kout men lan divès lòt gwoup e li te patisipe lan diferan fèt kiltirèl sèten gwoupman pwogresis te òganize lan peryòd Aksyon Patriyotik la. Li te gen yon lyen espesyal ak gwoup Atis Endepandan. Se konsa li jwe gita lan plak Ki sa pou n fè gwoup la pwodui an 1975. Konsa tou li te akonpaye aktris ak chantè ayisyèn Toto Bissainthe ki te soti Paris vin jwe New York sou envitasyon KODDPA (Komite k ap Defann Dwa Pèp Ayisyen). Alix Pascal te kolabore anpil lan ane 70 yo avèk emisyon radyo L’Heure haïtienne ki te fonksyone chak dimanch maten sou antèn WKCR lan Columbia University. Depi moman sa a Tit t ap eseye fè yon maryaj ant mizik popilè ayisyen ak mizik djaz ameriken. Se pou sa sou do plak The Haitian Bells la yo batize kalite aranjman misye a : Voodoo Jazz haïtien. Travay sa a ap jwenn aboutisman li nan plak Ayizan ki soti an 1984 e ki se dezyèm plak Alix Pascal apre Determinations li te met deyò lan ane 1978. 2. Kontribisyon Troupe Kouidor Kwak Kouidor pa t fè pati danble mouvman Aksyon Patriyotik la, kontribisyon li nan travay pou devlope sèten pratik revolisyonè pa t piti. Bi twoup la, dapre yon pòtpawòl li, se pa te chwazi ant yon teyat k ap detann piblik la ak yon teyat k ap fè edikasyon l. Bi li se te fè teyat tout bon. Sa vle di : yon teyat ki ap fè toulede alafwa. Yon teyat ki pèmèt espektatè a pa al lakay li tèt vid. Paske Kouidor te rasanble atis andeyò peyi a ki t ap jwe pou ayisyen andeyò peyi a li te deside wòl li se fè yon teyat ki poze pwoblèm egzil, pwoblèm lapatri, pwoblèm kilti, pwoblèm tan prezan ak pwoblèm lavni ki gen pou konstwi. Gwoup kiltirèl la te konprann fonksyon li se transmèt yon mesaj revolisyonè k ap pote jèm yon chanjman tout bon vre. Pwojè Kouidor se te fè yon teyat total k ap itilize tout mwayen pou kominike ak piblik la. Mwayen tankou : lekti tèks powetik, mim, pankat, chante, dans elatriye. Chante Kouidor yo pou laplipa fè kò ak pyès yo, eksepte dezoutwa chante atis yo te ka konpoze yon lè konsa ki jwenn wout yo lan mouvman patriyotik la. Nou kapab bay kòm egzanp : Kamaradak Dèyè mòn gen mòn.Yon lòt chante ki ka antre lan menm kategori a se Yon ti tak lapli. Tèks la te soti lan Pinga, yon magazin politik komik manm Kouidor te pibliye. Tanbou Libète te konpoze yon melodi pou chante sa a apre li te ajoute yon entwodiksyon. Gwoup mizikal L’Heure haïtienne nan te mete melodi pa li tou sou menm tèks la. Nou ka nonmen tou Atewele : yon powèm ki te soti anba plim Georges Castera menm jan ak de dènye tèks nou fèk mansyonnen yo. Òganizasyon Kiltirèl Tanbou Libète te mete mizik sou powèm nan, apre sa li te chanje tèks la pou mete pawòl pa li. Tankou nou konstate, menm lè Troupe Kouidor te espesyalize lan teyat, li te gen yon sèten enfliyans sou chante patriyotik yo. Guy-Gérald MENARD Inivèsite Leta d Ayiti











AUTEUR

Réagir à cet article

Les commentaires sont modérés

Chaque contribution postée est soumise à modération. Vous pouvez alerter l'équipe du Nouvelliste, d'une contribution qui vous semble ne pas respecter notre charte en cliquant sur le bouton << Voter contre >>, présent sous chaque commentaire. Notre équipe sera automatiquement prévenue et fera le nécessaire.

La charte de moderation












Haut de la page