(Premye pati)
Nan dezyèm mwatye ventyèm syèk la, gen yon mouvman kiltirèl ki jèmen lan kominote egzile ayisyen lan dyaspora a. Chante te jwe yon wòl kapital pou mouvman sa a, ki li menm te grefe sou yon mouvman politik ki pote non Mouvement Haïtien d’Action Patriotique (MHAP). Objektif mouvman politik sa a se te sansibilize konpatriyòt ayisyen lan dyaspora a, mobilize yo epi ankouraje yo pote kontribisyon pa yo nan batay pèp ayisyen an t ap mennen kont di