Le Nouvelliste: Kòadepale, se liv ou fèk sòti. Kouman w santi w aprè piblikasyon liv la ?
JRB: Mwen vrèman kontan pou reyalizasyon sa, pandan dènye ane yo gen anpil piblikasyon ki fèt nan lang kreyòl ayisyen an, men Kòadepale parapò ak orijinalite sijè a ak fason mwen prezante li, pote yon lòt touch ki montre lang kreyòl la pa gen limit. Tout limit li ka genyen, se limit moun k ap reflechi ak ekri nan lang lan, paske yon lang se yon zo