Yon lòt fwa nan jaden lespwa
Yon lòt mapou tonbe
Yon potorik gason mitile. imilye
Abandone nan lari, san pitye
Nan yon katye dezole e nan yon nwit demanbre
Yon lòt fwa nan jaden lespwa
yon mapou pèdi pye, derasine
anpil zwazo dlo nan je
bliye mande ki kote n pral poze
nan jaden lespwa
se pa premye fwa yon mapou tonbe
anpil pye bwa pèdi la fwa
mezanmi louvri je, ki kote sa prale
se sechrès nan jaden lespwa pou demen
nou pèdi twòp gwo save, twòp bon bèje
nou vance tounen yon bann mouton egare
yon lòt fwa nan jaden lespwa
yon saj