Campus Henry Christophe, Limonade, Université d’État d’Haïti (« CHCL-UEH ») ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti ap travay ansanm pou reyalize youn nan pi gwo objektif Akademi Kreyòl Asyisyen (« AKA »). Objèktif sa a se rive fè tout otorite, tout anseyan, tout etidyan, tout paran ak tout ayisyen alawonnbadè konprann ki jan kreyòl la se yon zouti ki djanm ase pou yo sèvi ak li nan ede popilasyon an jwenn bon jan kalite edikasyon ak enfòmasyon tou patou ak nan tout nivo ann Ayiti. Se rèv sa a k ap gide 2 pwofesè sa yo ki ekri atik sa a : Audalbert Bien- Aimé (Prezidan Konsèy Jesyon CHCL-UEH) ansanm ak Akademisyen Michel DeGraff (Pwofesè lengwistik nan « Massachusetts Institute of Technology » = « MIT » kote l ap dirije Inisyativ MIT-Ayiti). CHCL-UEH ak MIT ap travay men nan men pou reyalize vizyon sa a. Youn nan dènye aktivite nou te òganize ansanm sete yon atelye fòmasyon ansanm ak yon seri aktivite brase lide sou pedagoji patisipatif nan syans ak matematik. Aktivite sa yo te fèt soti 13 jen rive 24 jen sou Kanpis UEH nan Limonad. Se Fondasyon nasyonal pou lasyans oz Etazini (National Science Foundation), CHCL-UEH ansanm ak Anbasad Etazini nan Pòtoprens ki te finanse aktivite sa a.
Sijè atelye fòmasyon an ki te fèt nan dat 13-16 jen se te : « Edikasyon ki san baryè e ki kore ak teknoloji ». Sa se setyèm atelye MIT-Ayiti nan peyi a depi premye atelye ki te fèt nan mwa mas 2012 nan lòtèl Le Plaza nan Pòtoprens. Se dezyèm atelye MIT-Ayiti/CHCL-UEH sou kanpis UEH nan Limonad. Atelye MIT-Ayiti sa yo kontinye ap montre bèl avantaj ki genyen nan sèvi ak pedagoji ki chita sou aprantisaj patisipatif. Wi, se vre : resous sa yo ki mare zantray yo ak lang kreyòl la egal bon jan ansèyman. Kon sa, timoun yo pral vin pi maton e pi kreyatif nan syans ak matematik.
Soti 13 jen rive 16 jen, 43 anseyan ki soti tou patou nan peyi a te vin patisipe nan aktivite fòmasyon yo : Pifò nan pwofesè sa yo se moun k ap anseye matematik, fizik, chimi ak biyoloji nan inivèsite ak nan lekòl segondè. Nan fòmasyon MIT-Ayiti yo, anseyan yo te antre fon nan brase lide pandan y ap fè travay pratik sou teknik pedagojik ansanm ak zouti evalyasyon pou aprantisaj. Nan twa premye jounen yo (13–15 jen), atelye yo te chita sou aplikasyon prensip aprantisaj aktif nan aktivite pratik selon bezwen patisipan yo. Patisipan yo te develope aktivite rale mennen vini ansanm ak plan kou an kreyòl pou sal klas yo. Nan katriyèm jounen an (16 jen), patisipan yo te travay sou teknik ki pou motive etidyan yo pi plis nan aprantisaj aktif an kreyòl. Youn nan lòt objektif atelye sa yo se te envante, pou chak matyè, gwoup anseyan ki pou kore pratik pedagoji patisipatif an kreyòl tou patou nan peyi a.
Aktivite yo te divize an 2 pati : Te gen twa jounen fòmasyon sou pedagoji patisipatif pou tout patisipan yo. Epi tou, te gen aktivite rale mennen vini ki t ap dewoule an menm tan nan chak syans sa yo : matematik, fizik, biyoloji ak chimi.
Kòm rezilta, atelye sa yo te rive bay anseyan yo bon jan fòmasyon ak zouti pou yo byen metrize teknik pedagoji patisipatif ki baze sou rechèch. Konsa, yo pral amelyore fason jan etidyan yo ap aprann. Objektif ki te pi enpòtan an se ede patisipan yo konstwi kapasite yo pou yo rive fè etidyan pa yo vin kreyatif nan analize epi mete an pratik konesans y ap ranmase. Ki vle di: Fòk etidyan yo soti nan aprann pa kè, fòk yo soti nan teyori sou papye pou yo rive pwofonde nan konesans pratik. Kon sa, y ap ka mete an aplikasyon teyori syantifik sa yo ki pou ede yo rezoud pwoblèm y ap konfwonte nan lavi yo tou lè jou.
Se pou sa li te enpòtan pou patisipan yo rive imajine pwòp objektif aprantisaj pa yo selon bezwen yo, ansanm ak aktivite ki baze sou materyèl ki an kreyòl e ki chita sou pedagoji patisipatif. (Wi, lasyans deja di nou se nan lang matènèl la etidyan yo ka reflechi pi byen, epi patisipe tout bon vre nan konstwi konesans yo pandan y ap brase lide an gwoup sou sa y ap aprann lan.) Yon lòt bon bagay nan rezilta atelye yo se kapasite anseyan yo vin genyen pou yo jwenn bon jan estrateji pou evalyasyon « fòmatif » (ki vle di : evalyasyon k ap fèt pandan dewoulman kou a) epi evalyasyon « somatif » (ki vle di : evalyasyon k ap fèt nan fen kou a). Teknik sa yo se pou anseyan yo rive byen mezire rezilta egzèsis aprantisaj aktif k ap devlope yo. Epi tou, teknik evalyasyon sa yo tou sèvi kòm zouti aprantisaj pandan y ap ede nan evalyasyon aprantisaj la.
Nan semenn ann apre atelye 13–16 jen yo, 6 manm nan ekip MIT la a te rete Limonad pou yo kolabore dirèk dirèk avèk pwofesè epi administratè nan CHCL-UEH. Youn nan objektif kolaborasyon an se te pou n kontinye brase lide sou patenarya ant Inisyativ MIT-Ayiti avèk CHCL-UEH pou amelyorasyon didaktik, kourikoulòm epi materyèl pou ansèyman. Brase lide sa a te plis chita sou ansèyman ak aprantisaj kreyòl, matematik fizik ak syans edikasyon nan CHCL-UEH. Yon lòt rezon se kore itilizasyon kreyòl ni nan ansèyman ni nan administrasyon inivèsite a. Travay sa a, ki te fèt pandan semenn 20–24 jen an, te gen ladan vizit ak travay nan sal klas epi nan laboratwa tou. Apre sa, nou te brase lide sou nesesite pou nou mete sou pye yon selil pedagojik nan CHCL-UEH.
Youn nan pi gwo travay ki te rive fèt nan dezyèm semenn sa a se òganizasyon yon bèl koleksyon materyèl nan laboratwa fizik pou pwofesè fizik yo ka kore aprantisaj etidyan yo sou baz aktivite pratik ak esperimantasyon. Pwofesè MIT yo te sezi wè bèl kalite epi pakèt kantite materyèl sa yo nan laboratwa fizik ak chimi sou kanpis CHCL-UEH. Laboratwa sa yo pi byen ekipe pase pifò laboratwa fizik nan lekòl oz Etazini. Ekip pwofesè fizik nan konbit CHCL-UEH/MIT-Ayiti te tou pwofite mete sou pye yon plan detaye pou pwodiksyon manyèl pwotokòl an kreyòl. Manyèl sa yo pral ede etidyan yo nan esperimantasyon ansanm ak aktivite pratik y ap gen pou fè. Konsa, yo pral rive angaje tèt yo a fon nan aprantisaj patisipatif ki pral apwofondi konesans yo ansanm epi ba yo kapasite pou yo inove nan fizik. Epi tou, materyèl nan laboratwa sa yo ap disponib pou anseyan ak elèv nan lekòl segondè nan zòn Nò a tou. Sa se yon gwo zouti CHCL-UEH pral pataje ak kominote a.
Nan menm semenn sa a (20–24 jen), nou te òganize atelye fòmasyon avèk etidyan nan syans edikasyon tou. Nou te brase lide ak yo sou preparasyon plan kou ki baze sou pedagoji patisipatif. Epi te gen yon prezantasyon sou matematik tou — kote nou te brase lide sou ki jan metòd patisipatif yo ka sèvi nan demonstrasyon teyorèm matematik, tankou nan relasyon ant nonb ak ne kòd kote nou ka verifye teyorèm matematik avèk yon kalite dans ki sanble ak« kwaze lè uit ».
Nan tout aktivite sa yo, nou te ensiste sou enpòtans kapasite etidyan yo pou yo analize epi mete an aplikasyon konesans teyorik yon fason ki kreyatif. Kidonk, yon pedagoji k ap ede nou soti nèt nan kad « jako repèt pa kè » a. Epi tou, Akademisyen DeGraff te mennen 2 fowòm deba sou enpòtans lang kreyòl la ni nan ansèyman ni nan administrasyon inivèsite yo paske se kreyòl la ki se sèl zouti ki trase bon jan wout pou konesans, larichès ak lajistis tou patou nan peyi a. Deba sa yo te antre nan detay sou istwa, antwopoloji, lasyans epi lalwa. Detay sa yo te ede nou ka byen kalkile enpòtans kreyòl la pou dwa moun, pou edikasyon, pou jistis epi devlòpman nan peyi d Ayiti. Nou ka jwen dyapo prezantasyon sa yo sou paj Facebook Inisyativ MIT-Ayiti a:
https://www.facebook.com/mithaiti/photos/?tab=album&album_id=280373025647369
https://www.facebook.com/mithaiti/posts/279770409040964 .
Nou ka jwenn plis detay sou atelye a epi sou Inisyativ la nan sit sa a: http://haiti.mit.edu
Aktivite sa yo, sitou 2 fowòm-deba sa yo Akademisyen DeGraff te anime, ap ede nan devlòpman yon plan d aksyon pou itilizasyon lang kreyòl la nan CHCL-UEH. Akademisyen DeGraff te chita pale ak yon gwoup anseyan kreyòl ki trè dinamik e k ap prepare yon pwogram 3 lane pou ansèyman kreyòl nan CHCL-UEH. Youn nan objektif pwogram sa a se prepare etidyan yo pou yo rive pwodui bon jan materyèl an kreyòl nan tout matyè — materyèl ki ka ede etidyan ak anseyan jwenn zouti an kreyòl pou yon ansèyman ki djanm, kote tout moun ka jwenn. Ki fè, youn nan pi gwo aktivite etidyan yo pral fè nan nouvo pwogram kreyòl sa a se mete an kreyòl dokiman yo menm, etidyan nan CHCL-UEH, ap ka itilize nan etid yo. Sa se yon lòt egzanp kote aprantisaj aktif ka makonnen ak aktivite k ap ede peyi a rezoud pwoblèm ki konkrè nan lavi tou lè jou. Nan ka sa a, pwoblèm lan se mank resous pou ansèyman an kreyòl, sitou nan disiplin syans ak matematik. Ekip CHCL-UEH/MIT-Ayiti vize bèl objektif sa a : pou pwogram kreyòl sa a nan CHCL-UEH rive sèvi kòm egzanp pou inivèsite tou patou nan peyi a.
Pou n fini : Youn nan aktivite ki pral gen yon enpak dirab sou tout peyi a se kolaborasyon ki te rive fèt ant CHCL-UEH ak MIT-Ayiti nan kad planifikasyon yon selil pedagojik nan CHCL-UEH. Pwofesè CHCL-UEH ak pwofesè MIT yo te mete tèt ansanm pou yo analize divès opsyon ki ta posib pou òganizasyon yon selil pedagojik modèn ki pou kore anseyan nan CHCL-UEH ansanm ak anseyan nan lòt inivèsite ak lekòl segondè nan zòn Nò a. Kounye a, lidèchip CHCL-UEH rive fè selil sa a tounen yon reyalite. Selil sa a pral travay sou rechèch, didaktik, evalyasyon, syans edikasyon, elatriye... Sa se pral yon lòt kokennchenn sèvis ke CHCL-UEH pral rann kominote a — kote zouti ak teknik pedagojik modèn ansanm ak bon jan materyèl pral rive jwenn anseyan, etidyan ak elèv nan sèl lang ki rele tout Ayisyen « chè mèt, chè metrès » !
Se kalite jefò sa yo ki pral ede nou tout mete men nan chanje eskanp figi edikasyon nan peyi a e ki pral ede kreyòl la jwe wòl li nan devlòpman peyi a. Kon sa, tout moun ava rive jwenn bon jan edikasyon. Yon edikasyon ki san baryè e ki chita sou materyèl ak teknoloji ki makonnen ak reyalite peyi a.
Inisyativ MIT-Ayiti ap kore edikasyon san baryè sou Kanpis UEH nan Limonad
Campus Henry Christophe, Limonade, Université d’État d’Haïti (« CHCL-UEH ») ansanm ak Inisyativ MIT-Ayiti ap travay ansanm pou reyalize youn nan pi gwo objektif Akademi Kreyòl Asyisyen (« AKA »).