Lajan sere (Lyrics)

Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la Mpa ka fèmen l paske m wè twòp deja Se nou ki konn sa n pral fè ak sa Mwen gentan anpwazonnen Tout san mwen kontamine Ou gentan wè sa k rive Ou di pouki se ou k tonbe anba m An plis ou di m lavi m chaj' avèk dram Men lè n fè lanmou ou di m li toujou gou (Li toujou gou doudou) Gen lontan mpa enpresyone Li pa fasil pou kè m kase W'annik vini ou tounen nesesite m Cheri w se tout sa m t ap chèche Tout sa m te manke Yon priye k'egzose Ou tankou yon lajan sere Kè m te fin bliye Sanzatann m'al trouve Nou pa gen anpil tan Poutan se kòmsi n te ansanm toutan Nou toujou ka fè kè lot kontan Se sa k fè a prezan Li pa deranje le yo di m tro inosan an Sèl mwen ki konn pou ki rezon Cheri w se tout sa m t ap chèche Tout sa m te manke Yon priye k'egzose Ou tankou yon lajan sere Ke m te finn bliye San zatann m'al trouve Si w wè map bat kom devan w Si tout fwa ou wè m aji kon w ti pantan Li pa nan tamperaman m pou m fè pedan M pa fe promès toutan Men tanm avek tan w vo plis ke dyaman Mwen ak ou fè le syel kontan Yo di pa gen lanmou anko Mwen menm ave w nou pa dakò (2X) Men ki mele m ave yo M di sa pa gade nou Alèkile vrè lanmou ra pou trouve Se intere moun ap jere Yo bliye l son w bagay ki sakre Mwen ave w semante Se sou nou lanmou pral konte Nou pral egzanp limanite E anye anye Doudou vini mwen ba w siwo Yo di pa gen lanmou anko Mwen menm ave w nou pa dakò (2X) Men sa pa gade nou Sa nou ba yo pote Alèkile vrè lanmou ra pou trouve Se intere moun ap jere Yo bliye l son w bagay ki sakre Mwen ave w semante Se sou nou lanmou pral konte Nou pral egzanp limanite E anye anye Doudou vini m vlope w.

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
29 août 2016 | Lecture : 2 min.
Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la Mpa ka fèmen l paske m wè twòp deja Se nou ki konn sa n pral fè ak sa Mwen gentan anpwazonnen Tout san mwen kontamine Ou gentan wè sa k rive Ou di pouki se ou k tonbe anba m An plis ou di m lavi m chaj' avèk dram Men lè n fè lanmou ou di m li toujou gou (Li toujou gou doudou) Gen lontan mpa enpresyone Li pa fasil pou kè m kase W'annik vini ou tounen nesesite m Cheri w se tout sa m t ap chèche Tout sa m te manke Yon priye k'egzose Ou tankou yon lajan sere Kè m te fin bliye S
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.