Connaître nos Académiciens/ Konnen Akademisyen nou yo

Pierre Michel Chéry : « AKA ap defann dwa lengwistik popilasyon an »

Connaître nos Académiciens/Konnen Akademisyen nou yo # 13 Nan nimewo sa a, n ap prezante nou Pierre Michel Chéry, yon jesyonè epi womansye ki ekri senpman nan lang kreyòl la. Li ekri tou anpil atik nan lang sa a epi tradui tèks lang franse ak angle menm janm li mete tou sa ki an franse ak anglè nan lang kreyòl la.

Publié le 2015-08-06 | Le Nouvelliste

Culture -

Dieulermesson PETIT FRERE Le Nouvelliste (L.N): Prezante nou Pierre Michel Chéry Pierre Michel Chéry (PMC) : Pierre Michel Chéry fèt nan vil Sen Michèl, nan depatman Sid Ayiti. Li etidye estatistik ak enfòmatik nan CEFORSI (Centre de formation de statisticiens et d’informaticiens) nan lane 1980 ; an 1983, li pran yon diplòm nan jesyon biznis nan INAGHEI ; li etidye lengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike an 1994. An 2002, Pierre Michel Chéry fè yon metriz nan teknoloji enfòmasyon. Se sitou nan aktivite enfòmatik moun pi fasil rankontre Pierre Michel Chéry an Ayiti, epoutan akote aktivite pwofesyonèl li, li se yon moun ki pa machande kolaborasyon li nan anpil aktivite kap fèt pou defans ak pwomosyon lang kreyòl yo ak kilti kreyòl yo. Moun plis konnen non li aletranje akoz atik l’ap pibliye an kreyòl sou divès kalite sijè sou entènèt pou òganizasyon kap fè pwomosyon lang kreyòl yo. Konsa Pierre Michel Chéry ap potekole nan REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen) ansanm ak lòt militan kòz lang kreyòl la, nou jwenn li tou nan IOCP (International Organization of Creole People). L.N : Ki lòt rapò Pierre Michel Chéry devlope ak lang kreyòl la, a kote pale li pale lang sa a ? PMC : Akote pale lang kreyòl la, nou ekri woman an kreyòl, nou ekri atik sou kilti popilè pèp ayisyen an. Youn nan atik nou te pibliye an 2009, moun toujou ap li se « 12 Prensip Bwa Kayiman » yo. Nou pran tèks angle, tèks franse nou mete yo an kreyòl. Konsa tou, nou konn pran tèks kreyòl nou mete yo an franse oswa nan lang angle. N ap eseye devlope konpetans nou nan tradiksyon matematik an kreyòl. Nou fè rechèch sou fason pèp la itilize konsèp matematik yo an kreyòl. N ap goumen pou elèv ayisyen aprann fè matematik an kreyòl. An gwo, n ap fè pwomosyon lang kreyòl ak kilti popilè peyi a. AKA ap defann dwa lengwistik popilasyon an L.N : Nou konnen ou reprezante Saks (Sosyete animasyon kominikasyon sosyal) nan AKA, eske w gen yon ajennda osinon yon kaye ki charye ansanm pwopozisyon asosyasyon sila a, nan kad travay ou pou pèmèt lang kreyòl la vanse pi douvan ? PMC : Non, se pa t nesesè paske Konstitisyon an ak lwa sou Akademi Kreyòl la deja defini travay Akademi an genyen pou l fè. Pwopozisyon SAKS yo, menm jan ak pwopozisyon lòt enstitisyon ki manm Akademi an, deja enskri nan vizyon Akademi an. Nou menm pèsonèlman, nou te devlope rapò sere avèk defen Sony Estéus, ansyen Direktè Egzekitif SAKS. Nou konnen byen ki kalite koutmen Sony te bay pou AKA te la jounen jodi a. AKA ap ranfòse travay SAKS la paske se nan sans sa a Sony ak lòt kanmarad yo te travay nan komite pou monte Akademi Kreyòl la. Pèmèt lang kreyòl la vanse ? Yon ti presizyon ! Lè nou di AKA ap fè pwomosyon lang kreyòl nan lareyalite, AKA ap defann dwa lengwistik popilasyon an. Batay lang kreyòl se batay pou lang pa sèvi baryè pou moun anndan peyi a. Leta dwe bay tout moun ki pale kreyòl asirans zouti kominikasyon enpòtan sa a disponib nan kèlkeswa sikonstans nan lavi a. Se pou rezon sa yo AKA ap miltipliye kontak ak enstitisyon Leta yo pou li atire atansyon reskonsab yo sou aspè sa a nan respè dwa moun. Apre sa, tout entèvansyon AKA ap fè yo, se entèvansyon ki pou pèmèt popilasyon an anrichi esperyans li nan lang kreyòl la. Nou pa ka imajine ki konsekans sa t ap genyen sou kalite ak kantite enjenyè peyi a t ap genyen si fòmasyon elèv ayisyen yo te fèt nan yon lang ki pèmèt yo devlope lòt konesans sou sa yo bay lekòl la. Men chak pwofesè matematik pa ka deside li pral fè nosyon matematik li t aprann nan lang etranje a pase jan li pito an kreyòl. Se la a, AKA enpòtan, domèn matematik la, tankou anpil lòt, mande bon jan rechèch ak pwopozisyon ki pou pèmèt pwofesè matematik yo transmèt nosyon yo yon fason pou yo pase klè, san doub sans, san apeprè. Tan kote lekòl t ap sèvi zouti pou koukounan moun nan sosyete a, tan sa a fini. Nan syèk teknoloji ak konpetisyon rèd nou ye la a, fòk sosyete a chwazi miltipliye ouvèti, miltipliye opòtinite pou Ayisyen ka aprann pi byen, pi vit, pi plis, pi fon. L.N : Pierre Michel Chéry, ou se womansye tou, ou ekri an kreyòl. Nan lane 2001, ou te pibliye premye woman ou «Eritye Vilokan » ki te fè anpil pale de li e menm sonje woman sa a te fè pati pwogram akademik etidyan nan Fakilte lengwistik aplike pandan kèk ane. Kisa ki pouse w ekri an kreyòl ? PMC : Gen de (3) evènman ki make lavi mwen nan zafè ekri an kreyòl. Premye evènman an se yon jounal kreyòl, ki te rele Gindòl, ki te konn parèt nan ane 1970 yo. Se Emile Celestin-Mégie ki te dirije jounal sa a. Mwen te li yon istwa sou yon seremoni Boule Zen, an kreyòl. Istwa sa a te fè yon chòk sou mwen, paske se te premye fwa mwen te jwenn yon moun ekri yon atik pozitif sou yon aspè nan kilti pèp la. Kòm pitit abitan ki te an menm tan elèv nan lekòl frè katolik, mwen pa te janm ka imajine sa te posib. Se pou m di w kouman lekòl alyene ti Ayisyen nan peyi a. Dezyèm evènman an ki fè m deside ekri an kreyòl se dènye entèvyou Minis Joseph C. Bernard te bay nan TNH nan ane 1980 anvan yo mete l atè. Mwen te tèlman choke pou fason mwen te wè moun nan lelit peyi a te reyaji sou yon koze « manman ban m sik », mwen te deside pran pozisyon kare bare pou lang kreyòl. Depi jou sa a, mwen te deside se an kreyòl sèlman mwen pral ekri. Mwen te deja genyen yon pakèt pwojè woman nan tèt mwen. Dènye evènman an ki fè m wè m pa ka kontinye ap trennen, se yon ekriven Matinikè ki t ap vizite peyi a an 1999. Mouche te deklare yon pawòl ki te pati prèske konsa : « Mwen pa wè ki sa ki kreyòl nan liv kreyòl mwen li yo, kit se sa yo ekri nan Antiy yo, kit se ki fèt an Ayiti yo. Sèl sa mwen wè se yon seri tèks yo tradui nan lang kreyòl. Men yo te ka tradui yo nan nenpòt lòt lang. » Lè sa a, mwen te deja ap travay sou plizyè woman ak kont kreyòl. Mwen te santi mwen oblije fè vit pibliye « Eritye Vilokan » pou m te montre ekriven matinikè sa a ki sa ki rele imajinè kreyòl, ki sa ki inivè imajinè popilè ayisyen an. Se konsa mwen vin pibliye « Eritye Vilokan ». Mwen kwè mwen te genyen pari a paske dwayen Pierre Vernet te adopte liv sa a pou li fè kou kreyòl nan Fakilte Lengwistik Aplike. Se evènman sa yo ki ouvè vàn ekri fiksyon kreyòl la pou mwen. Mwen aprann anpil sou peyi a, epi mwen jwenn anpil satisfaksyon nan reyaksyon piblik la sitou pou woman « Bèbè Gòlgota » a ki parèt an 2008 nan Presses Nationales. L.N : Èske avèk prezans AKA a, nou ka espere wè gen chanjman ki fèt nan jan moun nan popilasyon an wè e itilize lang kreyòl la? PMC : Wi ! Prezans AKA se yon gwo atou pou popilasyon an. Popilasyon an deja ap itilize lang kreyòl li. Se moun ki nan administrasyon prive ak administrasyon piblik la ki rete pou fè jefò libere tèt yo. Se sèten gen sektè nan Leta a tankou Edikasyon ak Lajistis ki poko ka kwè moun ka fè tout sa yo bezwen an kreyòl. Prejije sa yo se yon pwa senkant sosyete a ap trennen depi sou tan lakoloni, men se pa lang kreyòl sèlman prejije yo sible, se kèlkeswa aspè a nan kilti pèp la yo « rejete ». Èske n ap wè chanjman avèk prezans AKA ? AKA ap travay pou sa. Men, si nou gade byen, n ap wè se pa premye enstitisyon Leta kreye pou sipòte lang kreyòl la. Men avantaj AKA genyen sou lòt enstitisyon sa yo se : AKA se yon enstitisyon nasyonal. Sa vle di, gen anpil sektè nan lavi nasyonal la ki pote kole pou mete AKA sou pye. Gen anpil enstitisyon k ap swiv travay li, anpil moun ap tann ki sa AKA ap pote. Gen anpil patriyòt, kit se anndan, kit se aletranje k ap tann AKA envite yo vin bay konkou. Se preparasyon n ap fè nan konsèy administrasyon AKA pou nou resevwa koutmen benevòl sa yo. Lis liv Pierre Michel Chéry pibliye: Eritye Vilokan, 2001 Bèbè Gòlgota, Les Presses Nationales, 2008 Senfoni Nago, Les Presses Nationales, 2012 Peleren, Educa Vision, 2015

Réagir à cet article