Michel DeGraff : « Lang kreyòl la se yon lang total kapital »

Connaître nos Académiciens/Konnen Akademisyen nou yo Jounal Le Nouvelliste, nan ribrik ki rele « Connaître nos académiciens / Konnen akademisyen nou yo », chwazi bay tout manm Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) lapawòl pou piblik la fè plis konesans ak yo epi pou piblik la plis konprann travay akademisyen yo. Nou kontan fè yon ti chita pale avèk Michel DeGraff, youn nan 33 manm AKA yo.

Publié le 2015-06-29 | Le Nouvelliste

Culture -

Prezante nou kilès ki Michel DeGraff la. Mwen fèt Pòtoprens, nan Dèlma, an 1963. Papa m se te moun Jeremi, yon enjenyè-achitèk. Manman m, yon fi Jarbath, se moun Jakmèl ; li te pwofesè lekòl. Se kay Jacqueline Turian Cardozo m al nan jaden d anfan. Apre sa, mwen fè etid primè ak segondè m nan Sen Lwi Gonzag, 1969–1982. Tousuit apre sa, mwen kòmanse etid enfòmatik ak matematik nan Inivèsite vil Nouyòk (« City College of New York ») kote mwen soti ak yon diplòm lisans an 1985. Apre sa, mwen travay nan « Bell Laboratories », 1985–1986, epi mwen fè doktora m an 1986–1992 nan Inivèsite Pennsilvani (« University of Pennsylvania »). Mwen tounen Nouyòk an 1992 pou mwen fè 1 an rechèch nan Inivèsite vil Nouyòk (« Graduate Center of the City University of New York »). Apre sa, mwen fè 3 an kòm pwofesè nan Inivèsite Michigan (« University of Michigan, Ann Arbor »). Se an 1996 mwen vin pwofesè nan Enstiti Teknoloji Masachousèt (« Massachusetts Institute of Technology »). Sa se itinerè pwofesyonèl mwen. Ki jan ou te vin enterese nan kesyon lengwistik? Apre mwen pran diplòm lisans mwen an 1985, premye travay mwen se te nan Laboratwa Bell (« Bell Laboratories ») nan Nyoujèze (« New Jersey ») kòm enfòmatisyen k ap fè rechèch sou entelijans atifisyèl. Travay mwen se te pwograme òdinatè pou fè yo rekonèt epi pwononse tèks nan plizyè lang (angle, franse, panyòl). E se gras a travay enfòmatik sa a mwen vin dekouvri syans lengwistik ki pral fè m reflechi sou lang matènèl mwen, epi rekonnèt valè l kòm yon lang ki kanmarad ak tout lòt lang. Menm jan ak pifò timoun ann Ayiti, lè mwen te lekòl, mwen pa te janm gen chans aprann anyen sou bèl konesans ki chita nan nannan lang kreyòl nou an. Mwen pa te janm gen opòtinite sou ban lekòl pou mwen sèvi ak lang ke mwen pale pi byen an. Kounye a, kòm lengwis, m ap reflechi sou kreyòl la e m ap ekri an kreyòl chak jou nan travay mwen. Se kon sa mwen vin reyalize ke mwen t ap rive bay pi bon rannman toujou si mwen te kòmanse ekri an kreyòl nan lekòl depi mwen te ti katkat. Lengwistik louvri wout konesans sou idantite m kòm Ayisyen epi sou devwa m pou peyi m. Ki kontribisyon syans lengwistik pote nan travay ou ann Ayiti ? Rechèch nan lengwistik ak nan syans edikasyon montre nou aklè ke se lang matènèl timoun yo ki ka ba yo fondasyon solid pou yo aprann tout lòt matyè—kit se syans, kit se matematik, kit se literati, kit se lòt lang tankou franse, angle, panyòl. Rechèch sa yo konfime sou teren nan yon esperyans pilòt ke mwen fè nan Lekòl Kominotè Matènwa nan Lagonav (https://youtu.be/CU4NuFcK8D0 , http://bit.ly/1QZB2O5). Ane pase, timoun sa yo, ki bati fondasyon yo an kreyòl, reyisi a 100% nan egzamen sètifika. Se lè nou rive kreye yon kreyolofoni ki djanm ke n ap rive bay tout timoun ann Ayiti kapasite ak opòtinite pou yo vin maton nan tout matyè, e pou yo antre ak respè e diyite nan frankofoni, anglofoni, ispanofoni, elatriye. Ann atandan, pifò lekòl nan peyi a, se gaspiye y ap gaspiye richès ke lang kreyòl la mete nan tèt timoun yo. Richès sa yo ap gaspiye pandan lekòl yo ap kouri sèvi ak yon lang (franse) ki mete pifò timoun yo mal alèz, ki konplekse yo, ki alyene yo, ki twomatize yo, ki fè yo rejte idantite kreyolofòn yo. Mwen sonje jan, ata nan Sen Lwi Gonzag, te gen timoun ki pa te janm vle ouvri bouch yo nan sal klas paske yo te pè fè fot franse, yo te pè fè « bouch sirèt ». Enpozisyon yon lang lekòl ke timoun yo pa ka pale, sa se yon vyolasyon dwa timoun yo, sa se yon krim kont plizyè milyon timoun ki pase nan lekòl tèt anba sa yo! Se lè mwen te kòmanse ap pwograme òdinatè pou yo ka pwononse tèks ann angle, franse ak panyòl ke mwen te vin konprann sa ki fè yon lang fonksyone tout bon: Motè yon lang se pa « gramè » ki kouche sou papye nan liv. Sa ki fè yon lang fonksyone kòm sa dwa, se sa ki nan sèvo nou. Se kòm si sèvo nou se yon òdinatè, epi òdinatè sa a gen yon pwogram ladan ki pèmèt nou pale epi konprann lang matènèl nou ansanm ak lòt lang ke nou aprann. Se kalite pwogram sa a ki nan tèt tout kretyen vivan sou latè beni. Se kalite pwogram sa a ki diferansye nou de bèt. Ki fè pwogram ki nan motè yon lang (sa vle di : « gramè ENTÈN» yon lang), sa chita nan tèt lokitè yo anvan ke sa al chita nan liv. Ki fè tout lang—ata lang ke nou pa ekri yo—gen bon jan chapant ak bon jan règ ki antre nan tou sa ki ka pale nan lang lan. Ki relasyon ou tabli ant dekouvèt lengwistik Noam Chomsky yo ak travay ou kòm lengwis e kòm akademisyen ? Nan yon peyi ki pòv tankou Ayiti, yon peyi ki chaje ak timoun ki kreyatif (yon bèl « bonis demografik »!), kijan fè n ap plede gaspiye entelijans timoun sa yo nan fè yo aprann nan yon lang ke yo pa pale? Ayiti twò rich pou li pòv ! Minis Nesmy Manigat mande pou nou veyatif pou « bonis demografik » sa a pa tounen yon « bonm demografik » (http://f24.my/1Lb4Mk9). Mwen dakò avè l. Pou nou veyatif, fòk nou sèvi ak richès lengwistik ansanm ak richès kiltirèl ki chita nan tèt timoun yo, nan fwaye yo, nan vwazinaj yo, nan kominote yo, nan jaden yo, elatriye. Vrèman vre, fòk timoun yo rive sèvi ak lang matènèl yo pou yo ka « kenbe tèt yo, kwè nan tèt yo, kraze bèt yo »—kraze bèt yo san yo pa bloke nan etidye pa kè san konprann. Nan tonbe damou pou lengwistik nan Bell Labs, mwen te kòmanse vin konprann kokennchenn goumen pou pouvwa k ap fèt ant divès klas sosyal ak sektè popilasyon an. Se goumen pou pouvwa, depi nan tan lakoloni, ki te vin goumen kont verite ki di kon sa: kòm tout moun se moun, fòk TOUT LANG SE LANG. Apre esperyans mwen nan Bell Labs la, mwen te deside pou mwen vin antre pi fon nan rechèch sou lang. An 1986, mwen te enskri nan yon pwogram doktora sou enfòmatik pou lengwistik nan Inivèsite Pennsilvani (« University of Pennsylvania ») ki nan Filadelfi. Se kon sa mwen vin fè rechèch doktora mwen sou devlòpman ak chapant lang kreyòl ayisyen an e sou jan lang kreyòl sa a ka ede nou fè dekouvèt enpòtan sou kapasite lengwistik tout kretyen vivan. Lè AKA ak tout lòt enstitisyon nan peyi a rive entegre rezilta rechèch lasyans (pa egzanp : syans lengwistik ak syans edikasyon), se lè sa a n ap rive tabli bon fondasyon pou peyi a devlope. Se lè sa a Ayiti ap rive dekole tout bon. Pale nou de esperyans ou kòm pwofesè nan MIT epi kòm lidè Inisyativ MIT-Ayiti a. Wi, kounye a mwen se yon pwofesè lengwistik nan Enstiti Teknoloji Masachousèt (« Massachusetts Institute of Technology »—« MIT »). Rechèch mwen yo sèvi ak teyori ke Noam Chomsky ak ekip li te devlope pou fondasyon syans lengwistik modèn. Pwofesè Noam Chomsky nan MIT se youn nan pi gwo entelektyèl ki vivan toujou. Se teyori lengwistik li a k ap ede nou konprann ki kalite operasyon, ki kalite pwogram, k ap egzekite nan sèvo nou lè n ap pale yon lang, sitou lè n ap pale lang matènèl nou. Se kon sa mwen vin konprann, pi byen toujou, ke kreyòl se yon lang ki djanm nèt, yon lang total kapital tout bon vre! Rechèch mwen entegre yon vizyon sosyal ki chita sou kapasite lang kreyòl la pou li sèvi nan amelyorasyon edikasyon ak devlòpman ann Ayiti. Vizyon sosyal sa a ansanm ak travay mwen kòm edikatè dwe kore objektif Akademi Kreyòl Ayisyen an (« AKA »). Pa egzanp, mwen patisipe nan ekip fanm vanyan Mandaly Louis-Charles la pou nou pwodui yon videyo ki pral montre timoun kou granmoun ki jan pou yo ekri kreyòl selon òtograf ofisyèl la: http://on.fb.me/1HiGOG9 , http://bit.ly/1JqMVc1 Epi tou, Inisyativ MIT-Ayiti ke m ap dirije a (http://haiti.mit.edu) ap pouse devlòpman, evalyasyon epi distribisyon materyèl nimerik an kreyòl pou kore ansèyman syans, matematik, lidèchip, travay ann ekip, elatriye. Inisyativ MIT-Ayiti antre nan konbit ak yon ekip solid pwofesè inivèsite ann Ayiti ansanm ak Ministè Edikasyon Nasyonal (http://youtu.be/tWGw1gsGXg4 , https://youtu.be/YBiPT-6N3eU). Epi tou, m ap patisipe nan Komisyon Nasyonal pou Refòm Kourikoulòm ki nan Ministè Edikasyon Nasyonal. Objektif prensipal Inisyativ MIT-Ayiti a se pataje ak anseyan yo bon jan zouti nimerik an kreyòl ki pou sèvi nan pedagoji entèraktif. Sa pral ede nou bati yon bon kalite sistèm edikasyon pou plis etidyan nan tout rakwen peyi a—pou peyi a ka vin pi djanm (http://bit.ly/1AbbBMk, http://videohall.com/p/519). Ki jan ou konprann nesesite pou gen yon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan peyi a ? Misyon prensipal AKA se defann lang kreyòl la. Sa vle di: Se defann enterè moun ki pale kreyòl yo. Epi se defann enterè moun sa yo ki bezwen kreyòl la pou yo ka jwenn bon jan sèvis nan lekòl, biwo leta, tribinal, patisipasyon sivik e politik, elatriye. Nan rechèch lengwistik modèn ansanm ak rechèch nan syans edikasyon, nou menm lengwis vin dekouvri yon verite fondamantal ki enpòtan anpil pou Ayiti. Men, se yon verite ki pa ko janm rive sèvi peyi a. E poutan, se yon verite ki ta dwe sèvi pou devlope kapasite entelektyèl ak idantite lengwistik chak grenn Ayisyen pou yon Ayiti tou nèf. Men verite a: Lang kreyòl la, menm jan ak tout lang ki pale sou latè beni, se yon lang total kapital ki deja chaje ak gwo konesans ladan—nan leksik li, sentaks li, semantik li, pwovèb li, elatriye. Menm jan ak lòt lang, kreyòl se yon lang ki pare pou fè syans, matematik, literati ak tout lòt matyè. Kesyon an kounye a se: Èske nou menm entelektyèl ayisyen ap pèmèt prejije lengwistik ke nou te ranmase sou ban lekòl kontinye gide desizyon nou? Youn nan misyon prensipal AKA se ede tout popilasyon an adopte yon atitid tou nèf devan kreyòl la, yon atitid ki baze sou lasyans olye pou li baze sou prejije ki soti depi nan epòk kolonyal la. Se prejije sa yo ki te fè Ewopeyen yo konsidere zansèt afriken nou yo kòm bèt ke yo te ka kenbe nan lesklavaj. Se menm prejije sa yo ki te fè yo konsidere franse kòm yon lang siperyè e kreyòl kòm yon lang ki enferyè. Epi franse toujou ap sèvi pou mistifye popilasyon an. Se la pawòl « Sispann pale franse a » sòti . Fòk AKA demistifye tout prejije sa yo pou nou ka bay kreyòl la plas ke li merite nan sosyete a. Ki sa konstitisyon 1987 la di sou nesesite Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) ? Se Konstitisyon an ki bay AKA nesesite legal li. Nou ka wè sa nan Atik 5, 32, 40 epi 213. Selon Konstitisyon an, nou gen 2 lang « ofisyèl » (Atik 5). Men, se kreyòl la ki prime kòm lang ki reprezante e ki ka sèvi TOUT nasyon an. Atik 5 la esplike sa klè kou dlo kokoye : « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl la ». Epi Konstitisyon an di : « Leta dwe degaje l pou tout moun jwenn bon fòmasyon » (Atik 32). Si nou mete Atik 5 ak Atik 32 a ansanm, sa vle di ke se an kreyòl pou leta òganize « bon fòmasyon » pou popilasyon an. Wi, an n sonje ke rechèch syantifik montre aklè ke se nan lang matènèl yo ke timoun yo ka rive jwenn bon jan fòmasyon. Epi Atik 40 lan mande pou leta sèvi ak 2 lang ofisyèl yo (kreyòl ak franse) pou « gaye bon enfòmasyon sou TOU sa ki an rapò ak vi peyi a ». Pa gen manti nan pawòl sa a. Kreyòl la nesesè pou nou respekte dwa moun ann Ayiti—nan fòmasyon, nan enfòmasyon, nan jistis, nan tout aspè sosyete a, nan tout zafè leta. An final, se Atik 213 Konstitisyon an ki mande kreyasyon yon Akademi Kreyòl. Nan entèpretasyon pa m, Atik 213 la mande pou AKA ede nan « devlope » itilizasyon lang lan nan TOUT sektè ak TOUT nivo sosyete a, « selon prensip lasyans ». Epi tou, fòk AKA « fikse » divès konvansyon ki konsène ekriti lang lan, sèten konvansyon sou nouvo tèminoloji nan lang lan—sitou nan domèn lajistis, lasyans, matematik, elatriye. Ki jan Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) pral ede lang kreyòl la? Se lang kreyòl la ki pou ede peyi a. AKA pral sèvi ak lang kreyòl la pou l ede mete Ayiti tèt an wo. Objektif AKA a, ki se defann kreyòl la, se yon nesesite ki antre nan TOUT domèn sosyete a e nan TOUT nivo sosyete a. Lang kreyòl la antre nan tout aspè lavi chak grenn Ayisyen. Ki fè, lè edikatè, fonksyonè leta (sitou ekspè an kominikasyon yo), avoka, jij, entelektyèl, politisyen, lidè, elatriye, di y ap bay popilasyon an « sèvis » epi yo toujou ap refize sèvi ak lang kreyòl la alekri oswa aloral, se kon sa y ap plede bloke devlòpman peyi a. Lè yo refize sèvi, alekri kòm aloral, ak sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se kore y ap kore kondisyon pou peyi a rete tèt anba tout bon vre. E sa ki pi rèd se lè lekòl yo ap montre timoun yo li ak ekri nan yon lang ke yo pa konnen. Pratik sa a andikape timoun yo pou tout rès vi yo. Lè yon timoun aprann li ak ekri, malman, nan yon lang ke li pa konn pale, gen anpil chans pou timoun sa a pa janm rive ka fè lekti pou li aprann. Timoun sa a p ap rive maton ni nan syans, ni nan matematik, ni nan franse, elatriye. Sa se yon krim ki toujou ap kraze entelijans ak moral pifò timoun nan peyi a. Ayiti pa fouti devlope si nou kontinye ap twomatize timoun yo kon sa. Wi, timoun yo twomatize lè yo oblije aprann pa kè nan yon lang ke yo pa pale. Fòk nou mete yon sistèm lekòl sou pye kote tout timoun ap ka aprann nan lang ki pèmèt yo pale alèz ladan, nan lang ki pèmèt yo esprime yo aklè, ak kè kontan—san grate tèt, san twoma, san pinisyon ( « senbòl »), san yo pa bezwen pè fè fot k ap fè yo wont... Kreyòl la ann Ayiti se sèl lang ki ka sèvi nan FONDASYON KONESANS AK LIBÈTE popilasyon an, san fòs kote. Kreyòl la se F.O.K.A.L. chak grenn sitwayen nan peyi a. Ki wòl ou jwe nan Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA)? Anvan AKA te egziste, mwen te yon manm nan komite ki t ap travay kou Mèt Janjak pou tabli AKA. Mwen te pami aktivis, edikatè, save, chèchè, elatriye, ki te ede nan preparasyon gwo woumble sou ajannda ak pwojè lwa pou AKA. Gen yon liv ki te parèt an 2013 sou woumble sa a. Liv la rele « Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ». Mwen gen yon chapit nan liv sa a, yon chapit ki analize wòl lang kreyòl la dwe jwe nan rechèch ak edikasyon ann Ayiti (http://bit.ly/1Al4TSI). Apre anpil goumen, nou te rive inogire AKA an desanm 2014. E mwen se youn pami 33 akademisyen yo. E mwen se youn pami 7 manm Sekretarya Egzekitif la. Kòm manm Sekretarya Egzektif la, m ap ede tabli chapant ki pral pèmèt AKA soti nan faz ti katkat pou li rive nan faz defann lang kreyòl la, pou liberasyon peyi a. Jan Prezidan AKA, Pastè Pauris Jean-Baptiste, renmen di : « Libere lang nou se libere nanm nou ». Anvan 17èm syèk, gran save franse te konsidere lang franse a tankou yon lang ki te enferyè devan laten. Men, jounen jodi a, franse, ki se lang matènèl pifò timoun nan peyi Lafrans, se li ki louvri wout konesans pou ti Fransè yo. Se kon sa lang franse a te ede peyi Lafrans devlope. Se pou sa Lafrans sèvi ak Akademi Fransèz (« Académie Française ») epi Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni (« Organisation internationale de la francophonie ») pou defann lang franse ansanm ak enterè Lafrans. Fòk nou menm tou ann Ayiti sèvi ak Akademi Kreyòl pa nou an pou nou defann enterè lang kreyòl la ansanm ak enterè Ayiti cheri nou an. Se sa ki misyon prensipal AKA. Se ak kè kontan m antre nan konbit sa a, men nan men ak lòt akademisyen yo e ak tout popilasyon an. Se nou tout ki se Ayiti. Se nou tout ki pou voye lang nasyonal nou an monte pou Ayiti ka vanse.

Ses derniers articles

Réagir à cet article