Apre moun, Akademi lang kreyòl ayisyen an gen yon kay, l ap pran manm

Sekretarya egzekitif Akademi kreyòl ayisyen an inogire jou ki te jedi 18 jen 2015 la, devan manb Akademi an ak manb gouvènman peyi d Ayiti, yon lokal tou nèf nan zòn « Turgeau ». Lokal sa pral pèmèt akademisyen yo travay pi byen ak reflechi nan bon jan kondisyon sou lang kreyòl la ki se yon « zouti chanjman k ap pèmèt nou pran chimen devlopman pandan n ap chèche met lang kreyòl la plis an valè. »

Jocelyn Belfort
Par Jocelyn Belfort
18 juin 2015 | Lecture : 4 min.
Aprè enstalasyon 33 premye akademisyen yo nan mwa desanm 2014, se nan lokal rèktora Inivèsite leta peyi a yo te konn rankontre pou yo travay. Prezidan konsèy administrasyon Akademi an, Jean Pauris Jean Baptiste, te pwofite seremoni sa pou l te remèsye rektè Jean Vernet Henry ki te bay akademisyen yo ladesant lakay li nan rèktora a. Nan entèvansyon li, Jean Pauris Jean Baptiste fè konnen inogirasyon lokal sa pa anyen si pa gen moun ki motive pou travay pou pouse lang kreyòl la pi douvan. « Li pral gen valè se lè chak akademisyen pral konnen wòl
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.