«Jou bare lannwit », yon kou siprann
07 Mar 2025
Jou bare lannwit, se kou sipriz Nervno Fils pou tout fanatik pwezi, yon rekèy powèm an kreyòl tou cho ki sot nan fou eslamè a. Yon liv ki ap dodomeya tann tout sila ki tizè mo. Jou bare lannwit, se dezyèm rekèy powèm li aprè Escapade d’une voyelle.