Nouvo lekòl Ayiti a pa ka tann : Nouvo apwòch pedagojik, nouvo matyè
29 Jul 2025
Atik sa a se konklizyon 4 premye ki te prezante nouvo matyè obligatwa nan lekòl fondamantal selon desizyon ministeryèl 14 jen 2023 a. Seri sa a te pwofite mete limyè sou nouvo kourikoulòm 2024-2054 la ki se kontinite refòm minis Joseph C Bernard nan ane 1982, men ki se yon lòt refòm kote li mande ajoute epi mande transfomè plizyè domèn pou koresponn ak defi Ayiti nan 21è syèk sa a. Seri sa a chita sèlman sou Preskolè, Fondamantal ak Segondè sèlman.