Pèp Ayisyen, Aktè politik, Lidè relijye, Sektè prive, Frèm ak Sèm kap tandem, kap gadem nan tout kwen peyi ak nan dyaspora a.
Mwen pran desizyon vi n pale avèk nou jodia, paske mwen kwè moman rive poum fè sa sou yon ban ak yon paket gwo sijè ki merite eklesisman nan peyi a . Pawòl sa yo nou pral pale a konsène ekilib ak kondisyon byen viv ansanm pèp ayisyen an. Li sitou konsène estabilite Nasyon an pou peyi a sòti nan divizyon, nan chire pit, nan chen manje chen, pou n refonde ansanm,men nan men, Ayiti nou tout