Adye Marie Marcelle Buteau Racine

Yon mapou tonbe. Akademisyèn Marie Marcelle Buteau Racine mouri jou ki te 24 jiyè 2020 an, nan vil  Filadèlfi, Etazini. Lanmò pwofesè Marie Marcelle ki te gen anpil eksperyans  nan travay sou lang kreyòl la afekte anpil Akademi kreyòl ayisyen an (AKA) ak tout moun ki entèrese nan devlopman kreyòl ayisyen an. Marie Marcelle te youn nan moun ki te batay pou valorizasyon kreyòl ayisyen an. Karyè li lòt bò dlo kòm pwofesè ansanm ak travay li pwodui sou lang kreyòl ayisyen an se yon temwayaj vivan sou angajman  gwo akademisyèn sa.

Elien Pierre
Par Elien Pierre
11 août 2020 | Lecture : 2 min.

Marie Marcelle, lengwis, te fèt 31 me 1934 nan vil okay. Akademisyèn nan ki te fè yon doktora nan lengwistik nan inivèsite Georgetown, Etazini, te konsakre tout fòs li ak tan li nan rechèch ak ansèyman lang kreyòl nan inivesite Columbia, nan enstitisyon piblik tankou prive ak nan anbasad Ayiti nan Washington. Chèchè a te pwodui tou anpil dokiman ak ouvraj sou lang kreyòl la. Pami yo, nou ka site : French Creole in the Caribbean, CLA Journal (1975) ; Lang Kreyòl la ap pran plas li an Ayiti (1980).

Marie

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.