Akademi Kreyòl Ayisyen selebre ofisyèlman mwa lang ak kilti kreyòl

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), nan sousi pou kontinye bay jarèt ak lang kreyòl la, lanse jou kite vandredi 5 oktòb la, nan Ciné Triomphe, mwa lang ak kilti kreyòl. Tanmen anba tèm sila : «Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo!», seremoni ofisyèl sila a te reyini yon bann ak yon pakèt otorite. Akademisyen yo te pwofite bay plak Onè ak merit a Franketienne, Radio Tele Ginen, Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) epi Jounal Bon nouvèl pou travay yo di moun ak enstitisyon sa yo ap fè pou valorize lang kreyòl la.

Darline Honoré
Par Darline Honoré
11 oct. 2018 | Lecture : 3 min.

28 oktòb se Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan divès peyi kreyolofòn nan lemonn. Nan sans sa a, Akademi an di li chwazi tèm 2018 la yon mannyè pou li raple tout sosyete a, lang kreyòl la se lang ofisyèl peyi a ki dwe prezan nan tout aktivite nasyonal nan sosyete a. Im nasyonal ayisyen an, pyès teyat, lodyans makonnen ak chan epi dans tradisyonèl, resital tèks, se kèk nan aktivite sosyal ak kiltirèl ki te chofe Ciné Triomphe lan nan okazyon sila. Yon seremoni ki te mete aksan sou enpòtans lang manman genyen nan devlopman ekonomik, e

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.