Jodi a, lè n ap pale de powèt ayisyen wòdpòte ki kouche panse l sèlman an kreyòl, non Manno EJÈN pa ka pa la. Poudayè, tradiksyon non batistè li “Emmanuel EUGÈNE” an kreyòl montre atachman li ak sosyete ayisyen an jouk nan jèvrin. Dayè, ekriven an k ap viv nan Kanada depi nan ane 1980 yo pa janm ezite yon fwa pou pote Ayiti nan powèm li yo, nan konferans li bay ak nan kozri li patisipe. Pou powèt Anivince JEAN-BAPTISTE, kreyatè ki pote non vanyan Papiyon Nwa (Manno EJÈN) se yon “ ekriven wottansyon ki pa pote plim li pou bè