Boukmann
26 Feb 2025
Kè powèt Gary S Daniel senyen pou l wè kòman bandi atoufè boule ti bebe 2 mwa nan dife. Se dilere sa. Ki jan Ayisyen fè rayi ak tout fyèl yo Ayisyen konsa? Kòman politik rive transfòme moun nan eta sa? Ti bebe lage nan lanfè sa pa briding malfektè. Yo pa gen kè. Gade moun sosyete a kontinye ap kale anba syèl ble peyi D'Ayiti!