Lavi a vin chak jou pi anmè pase fyèl. Jenès la wè tou nwa. Pi fò rèv nou yo bwote ale byen lwen lòt bò dlo. Alatray nan zantray nou. Depi kowonaviris parèt bò lakay, liv, kaye, plim ak kreyon kache, kouri vòltije. Nou tonbe nan yon toubiyon. Ane sa, nou nan won tout bon.
Lè otorite gouvènman fin anonse konfinman nan peyi a, mwen di : alabèl vakans ! M ap gen plis tan lib pou m etidye nòt yo. Se sa m te panse. Se gade m gade m wè jou ap pase, m pa janm manyen yon grenn liv. M di m