Confinement et si les jeunes en parlaient ?

Fwa sa a nou pap ka monte sou sèn

Mitelson Maccéan, 18 an, se yon atis ki frekante Pyepoudre lokal kote Paula Clermont Péan fòme pepinyè atis pou teyat nan Pòtoprens. Paula Clermont Péan se youn nan atis Mitelson renmen anpil. Lanmou sa pouse l imajine yon fiksyon: “Fwa sa nou pap monte sou sèn”. Li dedye madan Péan tèks la. Pou Mitelson rive ekri, li enskri tèt li nan klèb Jeunes Auteurs Haïtiens (JAH) ki fonksyone nan lokal Pyepoudre sou wout Boudon. JAH ki ankadre jèn nan zafè ekri ap mache sou direksyon Valérie Payen Jean Baptiste ki jwenn asistans David Jean Louis. Fiksyon nou pra l li a chita sou kowonaviris, yon dram nan lavi yon jèn ki renmen jwe teyat, ki renmen kontak ak piblik. Men jodi a li oblije chita lakay li. Rèv li se patisipe ak tèks sa an fòma videyo nan Kenzèn Liv an foli k ap fèt an mòd vityèl.

 Mitelson MACCEAN  
Par  Mitelson MACCEAN  
02 juin 2020 | Lecture : 2 min.

Dèfwa w ap  travay  pou yon bagay  ou renmen anpil, poutan ou pa rive reyalize l. Jedi 19 mas 2020, nan laprèmidi, mwen ak gwoup komedyen Les Jeunes talentueux, nou t ap fè dènye repetisyon pou n t al jwe yon pyès teyat. Espektak sa a t ap gen pou l fèt nan dimanch 22 mas nan lokal FOKAL. Mwen te  bay tout nanm mwen nan egzèsis sa. Tout aktè yo te motive pou yo bay yon bèl pèfòmans sou sèn nan. Sa k te pi motive m, Paula Clermont Péan, yon lejann nan mond teyatral la t ap pral jwe kòm atis envit

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.