Fritz Deshommes retrase chimen Akademi Kreyòl Ayisyen

Pou 25e edisyon pi gwo koudjay kiltirèl ki gen nan peyi a, Fritz Deshommes, yon manm nan Akademi Kreyòl Ayisyen, ap prezante nou liv li, “Sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen”, ki fenk parèt nan lane 2019 la sou direksyon Inivèsite Leta Ayiti. Ekonomis, ekriven, edikatè, otè a gen plizyè chapo sou tèt li. Prefas liv la se Pauris Jean-Baptiste, premye prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), ki ekri l.

Magdaline Louis Jean
Par Magdaline Louis Jean
19 juin 2019 | Lecture : 2 min.

Sou premye paj kouvèti liv la, plizyè manm AKA  parèt an gran jan nan yon foto. Se yon liv ki gen twa chapit avèk yon galri foto an nwa e blan ki rezime ansanm aktivite AKA fè. «Sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen» se yon liv kote otè a esplike tout batay ki te tanmen pou fè lang kreyòl la vin yon lang toutbon. Malgre divèjans ki te genyen nan mitan manm yo sou zafè mete sou pye yon akademi kreyòl, yo te vin mete yo dakò nan lane 2011 apre yon kòlòk yo te òganize pou yo ka diskite sou mezantant yo. « Kòlòk entènasyonal so

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.