Besoin de poème

Powèm Georges Castera pou kòmanse jounen w

Men yon powèm Georges Castera pou kòmanse jounen w. Tèks sa a sòti nan yon rekèy ki rele A Wòd Pòte (Edisyon Contre-Courant 1995). Lè nou li powèm sa nan lokal Medic Haïti pou sanmba powèt rara nan Leyogàn se wololoy. Se pa ti byen li fè sanba yo byen. Zetwal sòti nan je tout moun. Solèy leve lè y ap ri.

Georges Castera
Par Georges Castera
08 avr. 2019 | Lecture : 2 min.

Figi w kase kòd,
ou ri tout ri
ki nan kò w
ou ri tout solèy,
tout lalin
tout lari
brase ansanm,
ou pase yo lan rizib,
pase yo lan krib
fen fen
jistan lonbrit
tout chimen
ateri lan plamen. ou.

Lè ou ri, cheri,
se kouri van ape kouri
pou l vin ri
avè w
Lè ou ri
se konsi se solèy
ki poze lan men m
an milyonven ti moso
zenglen mouri limen.

Chak kou ou ri,
m ri tou
pou

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.