Deuils

Lanmò Fritz Pérard

Inactive
2021-03-30

Pax Villa ap anonse lanmò Fritz Pèrard/Konseye ki te rive jedi 25 Mas 2021 lakay li. Fritz te gen 88 lane. Nan sikonstans tris sa a, Pax Villa ak Le Nouvelliste prezante kondoleyans yo bay: Madanm li, Josie ; Sè li yo : Marlène ak Arnelle, mari yo, fanmi yo ; Piti fi l Dienane ak fanmi l ; Pitit adoptif li, Jean Maurice, Nathaniel ak fanmi yo ; Lòt fanmi Fritz, kouzen ak alye yo; Zanmi l yo, konpayon konba li yo ki te toujou akonpanye pèp ayisyen an nan lit l ap mennen pou chanje kondiusyon lavi yo. Fanmi, zanmi, frè konba Fritz/Konseye, ap òganize yon seremoni omaj pou li, madi 6 Avril 2021, 3zè rive 6zè pm nan lokal Sant Lakay Delmas # 83.