Samedi 1 novembre 2014





NATIONAL

Baryè lang an Ayiti: Kreyòl se lang peyi a; se pou sa fòk lekòl fèt an kreyòl

Le Nouvelliste | Publié le : 30 aot 2010

Apre tranbleman tè 12 janvye ann Ayiti, ajans entènasyonal vin pwomèt plizyè milyon dola pou bati yon pi bon sistèm edikasyon nan peyi a. Ann Ayiti, se lekòl ki pou ta bay plis Ayisyen yon chans pou yo soti nan lamizè. Men, anvan pou sa fèt, gen yon kokennchenn pwoblèm fòk nou byen konprann lè n ap analize pou ki sa lekòl ann Ayiti nan yon sitiyasyon "tèt an ba". Se yon pwoblèm ki te vin chita sou lang k ap sèvi nan lekòl peyi a. Kreyòl se sèl lang tout Ayisyen pale. Epi tou, gen yon majorite Ayisyen ki pale kreyòl sèlman. Malgre sa, se franse ki sèvi kòm zouti pou ansèyman nan pi fò lekòl peyi a. Nou menm jwenn kèk lekòl ki pini elèv—ki ba yo "senbòl—lè yo pale kreyòl. E poutan, pwogram ofisyèl ki soti nan Ministè Edikasyon Nasyonal mande pou pwofesè sèvi ak kreyòl nan lekòl primè. Epi tou, Konstitisyon an te deklare: "Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti" (Atik 5). Lè lekòl fèt an franse, sa kondane 90 pousan Ayisyen. Ayisyen sa yo, yo pa pale franse. Men, se an franse pi fò liv ak pi fò egzamen ekri alòske pi fò elèv pa pale franse. Epi tou, gen anpil pwofesè ki pa pale franse non plis. Kreyòl gen resanblans ni ak franse ni ak lang yo pale nan zòn Wès kontinan Afrik. Pi fò nan mo kreyòl, se nan franse yo soti. Fason jan kreyòl te devlope soti nan franse, sa sanble fason jan franse te devlope soti nan laten. Men, kreyòl ak franse pa menm: ni kreyòl ni franse gen pwòp òganizasyon pa yo pou mo ak fraz. Epi tou, gen anpil mo enpòtan ki gen sans diferan nan chak lang sa yo menm si mo enpòtan sa yo pwononse menm jan. Ayisyen ki pale kreyòl sèlman pa fouti aprann byen lè lekòl fèt an franse. Ayiti vin pran endepandans li nan men kolon franse an 1804. Menm si kreyòl te sèl lang ki te ka sèvi pou "simante tout Ayisyen ansanm", elit yo te prefere sèvi ak franse pou fèmen klas lelit la: yo te sèvi ak franse pou anpeche lòt moun rantre nan ti gwoup yo a. Franse te vin sèvi kòm baryè ant lelit la ak pèp la. An 1804, majorite moun nan lelit la, se milat yo te ye: papa yo te kolon franse, manman yo te Afriken oswa desandan Afriken. Anvan 1804, te gen plis milat pase nwa ki te gen tè ak esklav. Epi tou, gwo majorite pami nwa yo, se te nan esklavaj yo te ye anvan 1804. Jean-Jacques Dessalines, se te yon ansyen esklav ki te vin premye chèf peyi a. Dessalines te yon michan diktatè. Men, li te gen sèten objektif pou li te kraze sèten baryè ekonomik ant diferan gwoup ayisyen—baryè ant ansyen lib ak nouvo lib, baryè ant milat ak nwa. Dessalines pa t vle pou tout tè ansyen kolon franse yo al nan men elit yo sèlman: li te sezi tè nan men pwoprietè ki te gen fo papye. Nan konstitisyon 1805 la, li te deklare tout Ayisyen se "moun nwa'' kèlkeswa koulè po yo. Epi tou, Dessalines te renmen pale kreyòl. Apre yo te asasinen Dessalines an 1806, lelit yo te vin mete plis baryè devan mas pèp la. Konpozisyon etnik gwoup elit la te vin chanje apre 1804. Klas lelit la te vin gen plis moun nwa, plis ayisyen ki te gen zansèt ki pa te ni ewopeyen ni afriken, plis "Siryen" ki te soti nan peyi Mwayenn Oryan (Siri, Liban, Palestine, elatriye). Men elit sa yo—kit se ansyen lib, ki se nouvo lib, kit se milat, kit se nwa, ki se elit bò d mè kit se elit an deyò, kèlkeswa kote zansèt yo te soti—yo te kontinye ap met baryè devan mas pèp la. Jodi a, Ayiti se yon peyi kote nou jwenn gwo baryè ki bati sou lang. Ayisyen ki pale kreyòl sèlman, yo konsidere yo kòm si yo enferyè devan ayisyen ki pale franse. Kounyea, nan reyinyon kote ONG ap diskite sa yo pral fè ak plizyè milyon dola èd entènasyonal, diskisyon yo fèt an franse oswa ann angle. Lang sa yo bloke patisipasyon majorite Ayisyen— Ayisyen sa yo ki pale kreyòl sèlman—alòske se moun sa yo menm ki bezwen èd la pi plis. Kreyòl se lang natif-natal mwen. Epi tou, mwen se lengwis. Se konsa mwen konnen lang kreyòl la byen, e mwen konnen li ka di nenpòt ki pawòl, ata pawòl konplike pou esplike lasyans. Fason jan kreyòl te develope se menm fason jan lòt lang, kankou franse ak angle, te devlope. Anpil moun di kreyòl ap izole Ayisyen ann Ayiti: yo di kreyòl se yon lang k ap anpeche Ayisyen kominike ak vwazen yo nan lemonn. Sa se yon move rezònman. Nan kontinan Amerik, gen plis moun ki pale kreyòl pase moun ki pale franse. Pi pre nou toujou, nan Karayib la, gen plis moun ki pale kreyòl pase nenpòt ki lòt lang, esepte panyòl. Konsa, si nou ta dakò ak pawòl ki di gen lang ki ka "izole" yon pèp akoz de lang pèp la pale, alò se franse ki ta ka izole Ayisyen nan zòn kote Ayiti ye a. Epi tou, si nou pè pawòl "izòlman" sa a, fòk se panyòl oswa angle nou ta dwe ankouraje Ayisyen pale pou yo ka kominike ak moun nan peyi ki tou pre Ayiti. An tou ka, annou gade sa k ap fèt nan kèk peyi ki gen mwens moun pase Ayiti—peyi tankou Albani, Danmak, Estoni, Fenlann, Islann, Nòvèj. Nan peyi sa yo, se lang natif-natal pèp la ki sèvi nan lekòl. Objektif mwen, se pa fòse tout Ayisyen pale kreyòl sèlman. Okontrè, mwen kwè se ta yon bèl bagay nèt si tout Ayisyen ta rive aprann 2, 3, 4 lang apre lang natif-natal yo. Men, gen 2 gwo verite nou-menm lengwis nou byen konprann gras a tout rechèch syantifik k ap fèt depi plis pase 50 ane ni nan lengwistik ni nan pedagoji: Premye gwo verite: Fòk nou sèvi ak lang natif-natal elèv nou yo kòm zouti pou nou byen anseye elèv sa yo. Sa vle di fòk nou sèvi ak kreyòl pou pi fò elèv ann Ayiti—pi fò elèv sa yo, se kreyòl sèlman yo pale. Dezyèm gwo verite: Pa gen okenn gwoup kretyen vivan sou latè ki ka aprann yon lang si yo pa ni benyen nan lang la, ni al lekòl ki gen bon pwofesè ki pale lang la byen. Se pou sa nou pa ka sèvi ak franse kòm si se te lang natif-natal elèv yo. Franse, ki se lòt lang ofisyèl peyi a, fòk yo ta anseye l kòm yon dezyèm lang (sètadi yon lang etranjè) pou majorite Ayisyen. Lè nou rive admèt 2 gwo verite sa yo, gen yon twazyèm verite fòk nou admèt tou: Anvan nou mande pou 9 milyon ayisyen vin pale franse, fòk nou ta jwenn plizyè milye pwofesè ki pale franse byen pou nou mete yo kòm pwofesè franse nan tout lekòl peyi a, oswa fòk nou ta jwenn plizyè milyon moun ki pale franse byen pou nou gaye yo nan tout rakwen peyi a. Peyi a poko gen ni youn ni lòt: ni plizyè milye pwofesè ki pale franse byen, ni plizyè milyon moun ki pale franse byen. Se pou sa nou pa fouti mande pou 9 milyon ayisyen ta ka vin bileng. Aprann yon lang pa gen maji nan sa: fòk ti moun yo benyen nan lang lan (pou yo ka rive pale lang lan kòm lang natif-natal yo) oswa fòk elèv lekòl jwenn bon pwofesè ki pou montre yo lang lan byen (kòm yon lang etranjè). Se pou sa kreyòl—lang tout ayisyen deja konn pale—se pi bon zouti nou genyen pou ansèyman ann Ayiti. Kreyòl se pi bon zouti pou nou anseye tout matyè bay majorite elèv ann Ayiti. Lè ti Ayisyen ap fin kon li, ekri, rezone, esplike nan lang natif-natal yo, se lè sa a sèlman y ap ka devlope bon jan konesans nan lòt matye (kankou matematik, syans sosyal, syans esperimantal) ak nan lòt lang (kankou franse, angle, panyòl), elatriye. Te genyen kèk ti efò kazwèl ki te kòmanse an 1980 pou lekòl fèt an kreyòl tout bon vre. Kounyea gen yon ti grap lengwis ak edikatè k ap travay rèd pou lekòl fèt an kreyòl. Youn nan pwofesè sa yo (Pwofesè Iv Dejan) te fè yon petisyon pou sa: http://ayiticheri.com/rebati/ . Gen kèk pwofesè pami edikatè sa yo ki sèvi ak teknoloji kòm yon lòt zouti ki nesesè—Teknoloji pou Enfòmasyon ak Kominikasyon (abrevyasyon: "TEK"). Objektif nou se ankouraje metòd ansèyman ki baze sou zouti ki miyò. Nou vle ankouraje metòd ansèyman ki sèvi ak kreyòl, ak TEK, ak sa elèv yo konnen, ak sa yo renmen, ak pwojè pratik kote elèv yo ka travay ansanm, kote yo ka aprann ansanm. Nou vle ankouraje metòd sa yo paske rechèch ak pratik deja montre nou ki jan metòd sa yo ankouraje elèv yo aprann pi byen. Se metòd sa yo ki ka pèmèt elèv sèvi ak konesans yo pou yo rezoud pwoblèm yo jwenn nan lavi yo, nan peyi yo. Fòk metòd sa yo ranplase ni move abitid aprann pa kè, ni tèks an franse pi fò nan elèv ak pwofesè pa konprann. Fòk sa chanje. Apre 12 janvye, gras a kokennchenn pwojè rebati lekòl ann Ayiti, nou-menm Ayisyen nou vin jwenn yon bèl chans pou nou bati yon nouvo sistèm lekòl ki ta ka ede peyi a devlope tout bon vre. Fòk nou devlope yon seri pwogram ki sèvi ni ak kreyòl ni ak TEK pou nou amelyore ni fòmasyon pwofesè ni ansèyman elèv. Si nou pa fè sa, men sa ki pral fèt ak plizyè milyon dola ajans entènasyonal ap bay pou rebati peyi a: lajan sa a pral bati pi gwo baryè ant ti ponyen Ayisyen ki nan lelit la ak mas milyon ayisyen k ap soufri nan lamizè. Michel DeGraff te fèt ann Ayiti. E se ann Ayiti li te fè lekòl primè ak segondè. Kounyea li se pwofesè lenguistik nan Enstiti Teknoloji Masachousèts (Massachusetts Institute of Technology—MIT).


Michel DeGraff, 20 out 2010

Réagir à cet article












Haut de la page

L'EDITO

Martelly passe un délicat examen

Michel Martelly avait un rendez-vous à TV5 vendredi pour participer à une émission qui sera diffusée à partir de ce dimanche sur le réseau mondial de cet instrument médiatique de la francophonie, retransmis dans le monde entier. L’émission avec trois journalistes (de RFI, du journal Le Monde et du présentateur vedette de TV5) s’annonçait une formalité tant l’ancien chanteur domine cet exercice partout où il passe. Cette fois, ce fut un calvaire. Les journalistes, dans un calme olympien, ont acculé dans les cordes et Sweet Micky et le président de la République d’Haïti. Les sujets étaient ficelés. Les hameçons délicats et affûtés. Les illustrations éclairantes. L’aller et retour sur un dossier chaud comme Duvalier déstabilisait. Michel Martelly a su garder…


la Une du

A PHP Error was encountered

Severity: Notice

Message: Undefined offset: -1

Filename: elements/une.php

Line Number: 13


Strict Standards: date(): It is not safe to rely on the system's timezone settings. You are *required* to use the date.timezone setting or the date_default_timezone_set() function. In case you used any of those methods and you are still getting this warning, you most likely misspelled the timezone identifier. We selected 'America/New_York' for 'EDT/-4.0/DST' instead in /homepages/30/d180946317/htdocs/lenouvelliste.com/system/libraries/Log.php on line 86

Strict Standards: date(): It is not safe to rely on the system's timezone settings. You are *required* to use the date.timezone setting or the date_default_timezone_set() function. In case you used any of those methods and you are still getting this warning, you most likely misspelled the timezone identifier. We selected 'America/New_York' for 'EDT/-4.0/DST' instead in /homepages/30/d180946317/htdocs/lenouvelliste.com/system/libraries/Log.php on line 99
00 0000