KILTI / LANG / SOSYETE

Kreyòl ayisyen an : yon lang tankou tout lang

Tout lang ki fèk chita nan tèt yon gwoup moun k ap pale li se toujou yon lang ki pa gen ni rele ni reponn. Sa vle di, se yon lang pòv li ye. Pa gen yon lang anba syèl ble a ki ka di li pa gen anyen pou li wè ak règ sa a. Lè yo di kreyòl pa lang paske li pa gen gramè. Sa se bobin!

Publié le 2008-11-03 | Le Nouvelliste

Culture -

Kreyòl se lang peyi Dayiti ak anpil lòt peyi sou la tè. E se yon lang tankou tout lang. Menm si moun ki manke bon sans pa dakò. Menm si moun ki gen twòp prejije ak moun ki genyen anpil inyorans blayi nan kalbas tèt yo pa fin dakò : kreyòl rete you lang! Menm si yo di li pa gen ni gramè ni leksik ni diksyonè ni akademi, la syans rekonèt li pou yon lang. Repwòch sa yo rizib anpil! Nan tèt kole avèk lasyans, nou angaje noun nan travay sa a pou nou analyze tout kritik dwat e gòch ki fèt sou lang lan. N ap genyen pou nou moutre, selon jan lasyans wè sa, kreyòl se yon lang menm jan ak tout lang. Nan okazyon jounen mondyal lang kreyòl la, nou kwè yon travay \'\'chèche konnen konsa\'\' gen tout enpòtans li. Kesyon gramè an Kesyon gramè an osinon pwoblèm gramè an se yon fo pwoblèm. Si yon lengwis ta vle repwoche kreyòl la yon feblès, se tout lang lengwis sa a ta dwe repwoche. Avan nou antre nan nannan koze an, nou dwe poze tèt nou plizyè kesyon. Èske se lang ki fèt avan gramè oubyen gramè avan yon lang? Èske règ gramè yon lang se nan yon liv li chita avan li koumanse yaya kò li nan tèt moun k ap pale lang lan? Kesyon sa yo gen repons. Lang trennen gramè dèyè li tankou you manman poul k ap mache grate ak pitit li dèyè do li. Ekzanp lang fransèz la ka pwouve sa nou di a. lang sa a, yo rive jwenn tras li oubyen fè konesans avèk li nan lane 842 (IXe syèk). Pou kreyòl la te rive jwenn yon estati lengwistik, yon estati sosyal ak yon estati politik, lang sa a tann plis pase sèt syèk avan sa te fèt. Pawòl gramè an, moun ki gen bil sou kè yo kont kreyòl la pa janm sispann pale l. Men se yon ti jwèt. Tout moun k ap reflechi konn sa: lang fransèz la tann plis pase uit syèk avan li te resi genyen yon gramè ki pat pi bon pase sa. Li pat pi bon pase sa paske grameryen yo te kwè yo te gen dwa fè règ gramè yo tankou yo fè yon lwa sosyal. Gran savan yo di: mesye sa yo te wè lang lan ak yon konsepsyon jiridik. Sa vle di règ gramè an se te yon presèp. San nou pa antre twò fon nan twou je listwa, kite nou di ou sa byen. Se te nan lane 1635, yon gwo zouzoun nan leta ak nan legliz la, yo te rele Richelieu te fonde akademi fransèz la. Se te nan lide pou te pwoteje lang lan epi bali plis jarèt nan fason y ap pale li ak nan fason yo t ap ekri li. Akademi sa a te gen twa gwo chaj sou zo do li : a. Fè yon gramè; b. Fè yon diksyonè; c. Fè yon trete retorik. Akademi an ki te rasanble tout tèt ki te pi byen fèt nan peyi Lafrans, te pran plis pase twa san swasant lane pou yo te sèlman fè yon gramè ak yon diksyonè. Men se pat pi bon gramè sa a te pi bon pase sa. Gramè premye ti mèt lekòl \"Port-Royal\" yo te pi bon pase gramè sa a. Menm jan an tou, diksyonè Vaugelas te fè a, te pi bon pase diksyonè akademi an. Kanta pou trete retorik la, li toujou rete kwoke nan pasaj. Sòti nan lane 1635 pou nou rive nan lane 2008 la, sa fè plis pase twa san swasantrèz lane depi n ap tann trete retorik akademi an. Ki lè l ap fin fèt? Pa gen moun ki ko konnen! Si gen yon bagay ki pi serye pase sa akademi an te fè, se pat lòt bagay. Se kreye gwo mo ki déjà kondane pou yo mouri san yo pa gentan jwi jenès yo. Epi ale pouri tankou kadav nan yon gwo simityè san bawon ladan ke yo rele diksyonè. Aprè sa, nou pa bezwen pè di li : Youn nan pi gwo sèvis akademi an rann pèp fransè a ak rès moun k ap aprann li ak pale fransè, se fè lang lan vini pi difisil pou yo anseye li; fè moun k ap aprann li ak pale lang lan fè plis fot. Akademi pa ede moun sove lavi yon lang; se chèlbè li moutre lokitè yo fè nan lang lan. Pwoblèm leksik nan lang kreyòl la Tout lang ki fèk chita nan tèt yon gwoup moun k ap pale li se toujou yon lang ki pa gen ni rele ni reponn. Sa vle di, se yon lang pòv li ye. Pa gen yon lang anba syèl ble a ki ka di li pa gen anyen pou li wè ak règ sa a. Lè yo di kreyòl pa lang paske li pa gen gramè. Sa se bobin! Lè bouch alèlè yo fè je yo pi chèch pase yon malfini chèch ki pran yon poul chèch epi ale manje li sou pat kasav yon pyebwa chèch, pou yo di kreyòl pa lang paske nan chak rejyon yo pale li yon lòt fason se dyèdyè y ap dyèdyè! Pa gen lang ki te fèt ak tout yon gramè ekri! Pa gen lang ki pa prete mo nan men lòt lang pou li tradwi bezwen li! Pa gen you lang sou tè a ki pa tonbe nan sitiyasyon varyasyon an. Fòk nou pa bliye! Gen twa kalite varyasyon nan tout lang: varyasyon semantitik, varyasyon leksikosemantik ak varyasyon fonolojik. Men you ekzanp varyasyon semantik pami yon bann lòt! Nan lwès, \"kwoke\", se pann oubyen pandye yon rad. Oubyen nenpòt lòt bagay nan yon grenn klou! Nan Nò kwoke se fè bagay, se fè sèks! Men yon ekzanp varyasyon leksikal! Nan peyi ya tankou nan tout peyi sou late, nou ka jwenn plizyè mo pou nou lonmen yon sèl bagay. Ezanp : kouto digo nan latibonit nan yon pati nan lwès ak nan plato santral. Men nan Tigwav ak yon bann lòt zòn nan Sid la, yo di sèpèt. Pou varyasyon rejyonal nou pa manke sa! Gen ekzanp varyasyon fonolojik tou. Vòlè fè vòlò, chemen fè chimen, mamit fè manmit pou nou site sa yo sèlman. Pwoblèm leksik yo mete sou do lang kreyò la, pa vle di anyen ditou! Fransè ya pa ka fin di ki vale mo li ranmase nan anpil lòt lang pou li ka ranpli leksik pa li a. Aprè tout sa li ranmase nan lang roman yo ak nan lang grèk la ki se de lang moun pa pale ankò, nan lang moun pale yo li pran yon pil ak yon pakèt mo. Pou tout konklizyon, n ap di kreyòl se yon lang tankou tout lang. Li lè li tan pou laprès ouvè pòt li bay kreyòl la chita. Menm jan an tou se pou inivèsite ak lekòl nan peyi a ankouraje travay rechèch yo fèt nan lang kreyòl la. Pwemye gwo piblikasyon syantifik yo ak filozofik yo te fèt byen ta nan lang fransèz la. Kreyòl nou an jèn se vre! Men epòk yo pa menm. Menm jan ak Descartes ki te piblye nan lane 1635 premye travay refleksyon filozofik nan lang fransèz la, moun k ap reflechi nan peyi a ka fè menm jan ak filozòf sa a. Ak tout moun ki gen lang kreyòl la pou lang manman yo, mwen pwofite swete nou bòn fèt. Epi tou kenbe la pa lage!

Dilomon Lwi (Dulomond Louis) Nòmalyen siperyè, Didaktisyen, Lengwis epi Pwofesè filozofi Auteur
Ses derniers articles

Réagir à cet article