Vendredi 30 septembre 2016









SOCIETE

Chante rezistans ak kontestasyon nan diaspora ayisyen an nan New york sou rejim Duvalier yo


(Dezyèm pati) Tanbou Libète: yon egzanp pou lòt gwoup kiltirèl yo Menm jan Troupe Kouidor te jwe yon wòl enpòtan lan devlopman yon nouvo teyat ayisyen, se konsa Tanbou Libète ap sèvi egzanp pou tout gwoup atistik pwogresis ki pral epapiye lan dyaspora ayisyen an. Jan nou te wè deja, Koral Patriyotik Tanbou Libète jwe premye chante l sou antèn emysyon radyo L’Heure Haitienne an septanm 1971 e depi lè sa a gwoup la te anime laplipa miting politik ki te fèt epòk sa. Tanbou Libète pase lan diferan faz pandan devlopman li. Pandan ane 71/72 yo enstriman debaz koral la se te òg ak tanbou akote gita, batri, klòch ak maraka ki t ap akonpaye yon ventèn vwa ki divize ant alto, tenò ak bariton. Koral la te monte lan tradisyon koral tip Troupe Simidor, Les Caracos Bleus osnon Troupe Michel Déjean.Twa koral sa yo t ap fonksyone ann Ayiti lan ane 60 yo. Pandan de premye lane egzistans li, Tanbou Libète te gen yon kolaborasyon sere ak òganizasyon politik tankou MHAP (Mouvement Haïtien d’Action Patriotique) ak UFHAP (Union des Femmes Haïtiennes Patriotes). Apati 1972 koral la te gen kontak regilye ak jenn nan rali Sacré-Coeur lan Queens epi jenn nan rali Bushwick ak koral legliz Sainte Thérèse lan Brooklyn. Plizyè manm Tanbou Libète t ap travay ak jenn sa yo pou aprann yo chante patriyotik epi devlope talan atistik yo. Manm koral patriyotik la te wè travay yo lan gwoup la kòm pwolonjman lit pou liberasyon nasyonal la sou plan kiltirèl. Lefèt chante patriyotik yo te parèt lan yon peryòd byen detèmine nan istwa peyi nou, sa pral make ni kalite atis yo ni tèm ak lide y ap chante yo. Ositou nou jwenn lan chante yo menm demach anti diktatoryal ak anti enperyalis ou rejwenn lan mitan mouvman patriyotik la. Youn lan chante ki karakterize premye faz Tanbou Libète a se M ale : Vye frè m, vye kouzen m, vye sè m, vye zanmi yo m ale. Mwen pral wè kote Lan Ginen rive…Mwen pran vye dyakout san m pa bliye vye karabin Frè Bout ki te tire, ki te tire, ki te tire... Mwen pran devan pou m fè chimen pou sa k rete dèyè, menm si gen van menm si gen san n a vin jwenn mwen…Chante sa a sou premye plak 33 tou gwoup la mete deyò 22 fevriye 1973 avèk tit Chants revolutionnaires haïtiens. Lan mitan ane 1973 la Tanbou Libète te redui ak yon dizèn manm konsa. Kòm enstriman lè sa a te gen de gita, yon pè bongo, yon tanbourin ak de maraka. Se lan dezyèm faz sa a gwoup la lage non Koral Patriyotik la pou pran non Òganizasyon Kiltirèl Revolisyonè Tanbou Libète. Non sa a te vin pi kadre ak nivo devlopman pratik gwoup la ki te angaje l sou plizyè chantye kiltirèl alafwa. Anplis chante, gwoup la te lage kò l tou lan teyat. Menm jan ak Troupe Kouidor, Tanbou Libète te gen yon konsepsyon modèn sou teyat. Li te chwazi pou fè yon teyat total ki makònen ansanm plizyè fòm atistik : chante, dans, mim, pwezi eksetera. Piblik la tou te gen yon patisipasyon lan teyat sa. Te gen yon dekò minimòm sou sèn nan e li te posib pou yon aktè jwe plizyè wòl nan yon menm tablo. Tanbou Libète te rele estil teyat sa a montaj e li te renmen itilize ladan maryaj vwa, kote plizyè vwa ap antre soti youn apre lòt. Lè nou konsidere etap sa a nou pa ka pale ankò de mizik patriyotik sèlman, men fòk nou pale de yon mouvman kiltirèl patriyotik ki t ap defann souverènte teritoryal nou e mete sou sèn osnon lan chante : reyalite peyi d Ayiti. Tanbou Libète te prezante de montaj. Youn se Si kacho pran pale, ki montre represyon politik sou rejim Duvalier yo. Lòt la se Sou lanmè tout kannòt yo rasanble ki dekri tribilasyon botpipòl yo ak pèsonaj prensipal Turenne Deville ki te pito pann tèt li lan prizon Krome Avenue tan pou yo te depòte li tounen Ayiti anba bòt fachis makout yo. Dezyèm montaj sa a te monte nan kolaborasyon avèk Atis Endepandan. Apa 33 tou a, Tanbou Libète te pwodui de 45 tou ki pote non: 4 Chante flè solèy (novanm 1973) ak 4 Chabon dife (desanm 1974). Gwoup la te prezante espektak lan New York, New Jersey, Pennsylvania ak Canada. Lan twazyèm faz egzistans Tanbou Libète atis yo te itilize pyano, gita ak tanbou jan sa parèt nan entèpretasyon adaptasyon kreyòl Basta ya ! Mizik sa a se kreyasyon Atahualpa Yupanki, yon gwo chantè ak gitaris otoktòn ajanten : Monkonpè koute on koze. M gon pawòl pou mwen pale. M ap travay pou blan angle. M ap travay pou de gouden. Lè m pran l li pase lan menm oooo...Ki moun ki genyen lagè a yo te fè lan mòn Vyetnam ? Se yanki yo lan sinema, se Vyetkong yo sou tè a… Eksperyans Asosyasyon Kiltirèl Solèy Leve Nan fen lane 1972 Solèy Leve fè aparisyon li sou sèn kiltirèl la apre yon seri manm Tanbou Libète te kite gwoup la pou al fòme pwòp koral pa yo. Ositou se pa yon aza si de gwoup yo te pòtre anpil lan yon premye tan. Tou de te chita sou menm baz ideyolojik e yo te gen menm konsepsyon mizikal ak menm repètwa. Pi devan Tanbou Libète ap vin kite estil koral Cœur Simidor la ki te baze sou plizyè kategori vwa k ap balanse ansanm. Solèy Leve okontrè ap kenbe estil sa a nèt, sitèlman nou ka di se te mak fabrik asosyasyon an. Enstriman akonpayman yo se te òg, gita ak tanbou. Kòd lonbrit asosyasyon an te mare ak òganizasyon politik MHAP ak UFHAP. Se konsa Solèy Leve te asire animasyon kiltirèl pi fò rankont politik gwoupman sa yo te òganize. Sou plan atistik Asosyasyon Kiltirèl Solèy Leve te gen yon atachman espesyal ak Haïti Culturelle lan Boston epi Gwoup Kiltirèl Vaksin lan Montréal. Menm tip relasyon ki te gen sou plan politik ant MHAP ak Groupe d’action patriotique Vertières lan Boston e Mouvement Patriotique Haïtien 18 mai lan Canada. Menmman parèyman pou UFHAP ak Détachement Féminin Vertières lan Boston epi Comité Féminin MPH 18 mai a. Kesyon lit pou liberasyon fanm yo te gen yon gwo enpòtans pou dènye gwoup sa yo. Se sitèlman vre, sou premye plak Solèy Leve a ki pote non li, gen senk powèm, chante ak dyalòg ki debat divès aspè pwoblèm sa a. Gen twa chante ki rele Fanm Ayisyèn, Nou se fanm toutbon ak Fanm vanyan, ni Tanbou Libète ni Solèy Leve te konn chante, ki te sèvi kòn lanbi rasanbleman pou mobilizasyon fanm ayisyèn aletranje. Asosyasyon Kiltirèl Solèy Leve te gen yon repètwa laj e varye. Chante Peyi an mwen ak N a prale poze pwoblèm tribilasyon legzil ak konviksyon nou pa vini tabli aletranje, depi lè a sonnen n a prale lakay nou. Bèl flè d Ayiti mande pou nou pa pran fanm pou joujou men pou nou gade pito sa yo pote. Lalam tire, Boukan ak Goudiye sonnen raliman pou gwo batay la ak asirans bato a gen pou rive lan pò. Nesesite pou tèt ansanm poze nan Ti sous ak Plante manyòk. Yon verite rekonèt enpòtans lang kreyòl la pou Ayisyen, yon eritaj nou dwe aksepte ak fyète. N ap fè demen bèl ak Ayiti demen montre liberasyon Ayiti ak lespwa pou demen. Ayiti Demen se non twazyèm plak Solèy Leve a tou. Kwak gwoup sa a te plis espesyalize nan chante li te eseye fòs li lan teyat tou. Li te jwe yon pyès yo rele : Imigrasyon Debake. Tit la tou di sijè pyès la. Gen manm Solèy Leve ki te konn jwe yon ti eskètch ki rele : Tribilasyon fanm ayisyèn lan Nouyòk. Moso sa a sou premye plak la. Gwoup la te prezante tou de montaj atistik sou non Plante manyòk ak Peyi an mwen. Ojis montaj sa yo se te reprezantasyon vizyèl de chante sa yo. Kidonk lan aktivite atistik Solèy Leve nou jwenn : pwezi, chante ak teyat. Apa founi animasyon kiltirèl nan miting politik jan nou te mansyonnen pi wo a, Asosyasyon Kiltirèl Solèy Leve te prezante plizyè espektak. Li te patisipe lan piknik ak fèt etidyan. Epòk sa a li te gen kat chante ki te mache lan san piblik la anpil. Se : Peyi an mwen, Ayiti Demen, Peze kafe ak Depi lendepandans. Dènye chante sa a te jwenn yon plas an desanm 1982 lan Sa k pase, bilten Asosyasyon Etidyan Ayisyen lan City College lan vil New York. Eksperyans Gwoup Atis Endepandan Apa Tanbou Libète ak Solèy Leve ki t ap evolye nan vil New York te gen yon twazyèm gwoup kiltirèl patriyotik ki rele Atis Endepandan. Gwoup sa a te konpoze ak atis ki t ap travay ansanm depi 1971 ak emisyon L’Heure Haitienne plis detwa lòt patriyòt ki te rejwenn gwoup la pita. E li te kòmanse ap jwe pasipala san li pa t gen yon non pou idantifye li, jiskaske Komite k ap Defann Dwa Pèp Ayisyen te mande gwoup la non l pou mete sou afich yon n fèt li t ap òganize. Atis yo te reponn yo se atis endepandan pou montre kòd lonbrit yo pa t tache ak ankenn gwoup politik ni yo pa t sou lobedyans okenn parenn k ap deside pou yo. Se konsa non Atis Endepandan an tou rete kòm non gwoup la. An reyalite, yo te gen kontak sere ak òganizasyon politik En Avant ansanm ak emisyon radyo L’Heure Haitienne. Atis Endepandan te jwe nan fèt ak miting òganizasyon politik la e gen yon epòk li te konn anime yon tranch kiltirèl yon dimanch pa mwa sou antèn L’Heure Haitienne. Lan pwogram sa te genyen pwezi ak chante. Youn lan chante ki te gen siksè se Dodinen. Se nou ki boulanje a se nou k boule nan fou. Se nou ki fezè d nat la se nou k dòmi atè. Bagay sila pa kapab dire, travayè di yon mo.Granmesi pa nou se kout baton li ye, men zòt chita sou do n l ap dodinen. Atis Endepandan te kolabore tou ak lòt gwoup atistik ak kiltirèl ayisyen kou etranje. Yo te kolabore ak Atelye Tanbou Libète lan montaj teyatral Sou Lanmè Tout Kannòt yo Rasanble. Yo te bay gwo konkou nan aspè mizikal la lè yo te konpoze yon pati lan chante ki anndan montaj la. Gen manm Atis Endepandan tou dèyè kèk lan enstriman ki te akonpaye aktè yo sou sèn, kit se te lan Prospect Park, Brooklyn kit se te lan oditoryòm lekòl Spring Valley, toujou nan leta New York. Atis Endepandan te devlope yon relasyon espesyal ak yon gwoup atistik ameriken ki rele Human Condition. Yo te jwe ansanm lan anpil espektak. Se Barbara Dane, yon atis militan ameriken ak Paredon Records ki te pwodui plak Atis Endepandan an an 1975. Tit plak la se Ki sa pou n fè. Se non tou yon mizik sou plak la ki te popilè anpil. Human Condition te konn entèprete chante sa a. Jou ap pase Ayiti ap fè bak. Jaden seche, timoun ape mouri grangou. Gen lenjistis, gwo ape vale piti, peyi a se peyi n li ye se nou ki pou di yon mo lan sa… Ki sa pou n fè ? Revolisyon pou tout bagay kapab mache… Lan yon espektak li te fè nan Park Slope, Brooklyn, Atis Endepandan te prezante yon montaj pou premye fwa e lan montaj sa a ou te santi enfliyans Tanbou Libète. Pinga nou kriye_ se non montaj la_ se dramatizasyon yon chante gwoup la ki rele menm jan. Pyès sa te mete sou sèn sitiyasyon makawon peyi d Ayiti ak yon ekonomi k ap dekrenmen. Li te montre tou koripsyon ak vòl k ap layite lan mitan kad administratif yo san konte wòl restavèk leta ayisyen ap jwe pou enperyalis ameriken an. Pinga nou kriye se non tou plak moso sa parèt sou li a ; yon plak L’Heure Haitienne te fè soti an 1979 pou komemore dizyèm anivèsè li. Van sèk pase l soufle li touye jaden nou. Bèt nou mouri grangou pinga nou kriye. Se nou ki bay lavi pinga nou kriye n a chache lavi a kote l al kache. Mwen di nou konsa pinga nou kriye. Mwen di nou konsa pinga nou kriye. Mwen di nou konsa pinga nou kriye, ann mache kontre pou n chache lavi. Konklizyon Se nan chèche lavi lòt kote apre yo pati kite Ayiti, swa pou rezon ekonomik swa pou rezon politik, konpatriyòt lan dyaspora a mache kontre pou mete sou pye yon mouvman politik nan bi pou denonse opresyon ak eksplwatasyon pèp ayisyen t ap sibi anba men klas dominan lokal yo ak konplisite boujwazi entènasyonal la, epi fè sa ki posib pou chanje sitiyasyon malouk sa a.Se nan kad kontestasyon ak rezistans ki te pran chè nan okazyon pasasyon pouvwa avi rejim diktatoryal divalyeris la chante patriyotik yo wè jou. Konpozisyon mizikal sa yo te soti nan matris gwoup atis pwogresis ayisyen ann Amerik di nò ak ann Ewòp nan kad kanpay sansibilizasyon, mobilizasyon ak konsyantizasyon kominote ayisyen yo aletranje. Se te rezilta jefò pou pote nouvo mesaj sou nouvo fòm. An plis gwoup ki te baze New York yo moun te pi konnen, gen plizyè lòt gwoup nou pa t gen posibilite pou sènen anndan tèks sa a ki merite atansyon nou tou. Haïti Culturelle jwe pou premye fwa nan Boston an 1973 ; Grenn Banbou parèt North Miami an 1980.Vaksin ak Kouto Digo fòme nan Montréal an 1977. Shango ak Kiskeya toulede te pran lari nan lane 1976, premye a nan Paris, dezyèm nan nan Bruxelles. Pou fini nou ka di : mizik patriyotik yo se te ekspresyon yon mouvman kiltirèl revolisyonè ki li menm te apiye sou yon mouvman politik revolisyonè. Guy Gérard Ménard











AUTEUR

Réagir à cet article

Les commentaires sont modérés

Chaque contribution postée est soumise à modération. Vous pouvez alerter l'équipe du Nouvelliste, d'une contribution qui vous semble ne pas respecter notre charte en cliquant sur le bouton << Voter contre >>, présent sous chaque commentaire. Notre équipe sera automatiquement prévenue et fera le nécessaire.

La charte de moderation












Haut de la page