Poésie

Yon zetwal file

Yon zetwal tonbe L'al ateri yon lòt kote Pou peson-n pa wèl ankò ak je Se te samdi pase San pèson-n pa-t atan-n si sa pral rive sou wout nò-a zetwal la ap file Bo kote-l asasin san ginè te ye Ak je-l kale sou kon-n dife Grif byen file, de kon pouse Kolè-l monte ak yon degre Ke-l pouse, li transfòme Tankou reken anba lanmè Dan-l soti byen file San pitye li voltije Sou zetwal la ki bò kote-l ta'p briye Ak vyolans, zetwal la pran kou, li pran kou san rete Tout zo nan kòl krake figi-l bonbe de je-l pete San toupatou ap koule Zetwal la pran rele Men elas! pèson-n pa-t ka rive Pou pote-l sekou lè sa ta-p pase Yon ti souf ki rete Adye! bèt la pi move Se ato li met dan pou anyen pa rete San kè sote, tankou anyen dwòl pa-t rive Li ranmase ti rès ki rete Al lage yon lot kote Konsa pèp la vin-n wè sa ka-p pase Li rele anmwe bare Asasin pran kouri pou-l sove Men Bondye kanpe Ede pèp la mete men sou chin anraje Metrize-l pou-l sispan-n mòde Rive lopital trò ta te gen tan bare Pa-t gen fos, pa-t gen kouray pou zetwal te rekòmanse respire Anyen pa-t ka fèt, zetwal la te sispan-n briye Zetwal sila-a se Ginoue li rele Ginoue krake Tout zo nan kòl detache Ginoue djake Vian-n ni lage De je-l kreve fyèl li pete tankou dlo san-l koule Pouki se li malè sèk sa rive? Pouki se konsa sa pase? Pouki se nan kondisyon sa yon zetwal tankou tout lòt Bondye kreye rive pèdi bote, pèdi souf pou ankò li pa janm briye? Eske pa-t gen lot mwayen pou sa pa-t rive? Bondye sèl va jije Elas! elas! Tankou yon kout zeklè ki pase Yon zetwal file Tankou yon gwo kout loray Yon zetwal tonbe Se te yon samdi 24 desanm sa te pase Nou pa-p janm bliye Devan ekran yon estasyon nan vil la li te kon-n briye Sou li tout je te kon-n brake li te pote lajwa, la gete Souri-l te kon-n pote chalè tout kote Zetwal sa sispan-n briye Souf li koupe Anba grif yon bèt san pitye la-l tonbe Nan yon kondisyon pèson-n pa-t panse Zetwal sa Ginoue li te rele Toutes mes condoléances à sa famille ses ami(es) et spécialement à son fils.

Yon zetwal tonbe L'al ateri yon lòt kote Pou peson-n pa wèl ankò ak je Se te samdi pase San pèson-n pa-t atan-n si sa pral rive sou wout nò-a zetwal la ap file Bo kote-l asasin san ginè te ye Ak je-l kale sou kon-n dife Grif byen file, de kon pouse Kolè-l monte ak yon degre Ke-l pouse, li transfòme Tankou reken anba lanmè Dan-l soti byen file San pitye li voltije Sou zetwal la ki bò kote-l ta'p briye Ak vyolans, zetwal la pran kou, li pran kou san rete Tout zo nan kòl krake figi-l bonbe de
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.