Kot nèg soti

Anba pla pye move lavi Nan fant zotè move lespwa Nan yon ti kwen santi wen San tèt chandèl limen San yon nègrès ka'p flannen Yon ti kwen tou piti Meprize, maltrete Okenn je pa't gade'l Se la tout nèg te ye Kot nèg soti Nan yon tou byen fon Nan fon rasin mapou Nèg soti anndan zantray Manman tanbou vodou Sans nèg sot nan trip siwo lanmou Vwa nèg sot nan son tanbou Banbou ak lanbi Soupi'w te kout souflèt dèyè lespwa Al bout nan tande Sila yo ki san konpran'n Kot nèg soti Nèg soti nan plenn la penn Nan fon vale lamizè Nan tou falèz tristès Ak soufrans fyèl pete Ou nèg ou soti lwen Ou sot nan fou ginen Anba chenn san lespwa San yon tikal lespwa Anba pye, yo t'ap drive'w La zòt ta'p machande'w Anndan ti bwa fouye Non, memwa nèg pa bliye Kot nèg soti Nan pil fatra ak vye labou Lide'w t'ap frite nan tout kalfou Lespri'w pat gen limyè lanmou Ou nèg ou soti lwen Men ou poko rive Ka chimen an long E ou poko menm nan mwatye Si'w gen lanmou fwatènite Nèg ap rive yon jou Wi yon jou kanmenm Ou byen kanmenm yon jou.

Saint Fort Jean Belou
Pseudo: Prophète Zibibi
Par Saint Fort Jean Belou Pseudo: Prophète Zibibi
28 oct. 2005 | Lecture : 2 min.
Anba pla pye move lavi Nan fant zotè move lespwa Nan yon ti kwen santi wen San tèt chandèl limen San yon nègrès ka'p flannen Yon ti kwen tou piti Meprize, maltrete Okenn je pa't gade'l Se la tout nèg te ye Kot nèg soti Nan yon tou byen fon Nan fon rasin mapou Nèg soti anndan zantray Manman tanbou vodou Sans nèg sot nan trip siwo lanmou Vwa nèg sot nan son tanbou Banbou ak lanbi Soupi'w te kout souflèt dèyè lespwa Al bout nan tande Sila yo ki san konpran'n Kot nèg soti Nèg soti nan plenn la penn Nan fon vale lamizè Nan t
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.