Akademi Kreyòl Ayisyen

Clotaire Saint-Natus : « Mwen te temwen evolisyon mouvman lang kreyòl la an Ayiti. »

Anvan li te vin akademisyen nan lane 2014, Clotaire Saint-Natus, di li te gentan fè gwo wout ak lang kreyòl la. li di li pa t sispann defann li, itilize l chak jou nan tout pwodiksyon li yo. Se poutèt sa, li prezante tèt li tankou yon moun ki ka itil anpil nan Akademi Kreyòl Ayisyen an paske l se yon temwen evolisyon mouvman lang kreyòl la an Ayiti .

Publié le 2018-04-13 | Le Nouvelliste

National -

Clotaire Saint-Natus esplike pi lwen kouman vi li makonnen ak lang kreyòl la. pou li, prezans li ap itil anpil. « lè m konsidere diferan travay mwen fè yo, m ap kapab itil Akademi an e entèvni sou anpil kesyon. M gen kapasite pou reponn korèkteman sou anpil koze sou lang lan. Mwen pral travay kon mèt Janjak ak lòt kolèg yo pou n ka fè pwopozisyon yon lwa pou lang kreyòl ayisyen an ka vin manman lang, lang nasyonal », se pwomès sa li te fè anvan li te vin entegre gran kò sa. Men sa fè déjà 2 lane depi Clotaire Saint-Natus ap jwe wòl akademisyen li. Si nou kwè nan fason li prezante tèt li ak angajman li montre, nou sèten li pa bliye pwojè l pou lang lan ak lòt pwomès li te fè, tankou anpil jefò pou voye lang pi wo, anpil piblikasyon sou lang lan, liv lekòl soti nan preskolè rive nan inivèsite, liv woman kreyòl, teyat elatriye.

Clotaire Saint-Natus se yon ekriven, yon pwofesè, yon pwodiktè dokiman odyo, yon pwodiktè liv lekòl, yon sosyològ, yon administratè, yon sitwayen angaje e devwe, selon sa li fè konnen nan lèt motivasyon li adrese nan Akademi an.

Li pran nesans nan lanne 1956, nan komin Ansavo nan depatman Grandans. Nan menm rejyon sa a, sitou nan vil Jeremi, li jwenn premye pen ledikasyon li nan lekòl Senlwi. Li te chèf redaksyon yon jounal ekolye ki te rele « L'Assotor Grand'Anselais ». Pendan li te vin Pòtoprens pou klas filo nan Kolèj Jean Price-Mars sou direksyon romansye Jean-Claude Fignolé, ki se kouzen li e sou kontwòl powèt René Philoctète, Clotaire Saint-Natus lanse l nan metye jounalis anvan li te vin jwe wòl asistan istoryen Roger Gaillard nan jounal Leta Ayisyen an « Le Moniteur ».

Nan lane 1980, pandan pasaj li nan Radyo Solèy, li te gentan mete sou pye yon pwogram edikatif popilè ki te itilize kòm zam kominikasyon lang kreyòl la. Se nan menm peryòd sa, li te pibliye yon pyès teyat ki te rele Natif-Natal. Li te mouye talan li tou nan plizyè lòt enstitisyon kote li te met sou pye pwogram edikasyon, tankou redaksyon materyel pedagojik ak kourikoulòm eskolè pou tout nivo. Apre Fòmasyon nan sosyoloji ak gesyon pwojè nan nivo metriz, Clotaire Saint-Natus travay kòm pwofesè nan plizye inivèsite nan peyi Dayiti.

Clotaire Saint-Natus se yon akademisyen ki prezan anpil nan peyi a. Li mache preske tout kote pou vann imaj Akademi Kreyòl la. Nan tout gwo evènman peyi a reyalize, li reponn prezan. Se yon ekriven ki kòmanse fè plim li pale tout bon vre nan lane 2016 ak piblikasyon li an ki pote non : « Poématoire, Poèmature et Poématique ». Se yon liv ki pale istwa, pale nati e ki pale sou kèk pwoblematik sosyal. Li te fè tou yon kolosal travay, kote li te tradui liv literè Jacques Roumain an, « Gouverneurs de la rosée» nan lang kreyòl. Li te reprann tou Mèt Lawouze (Gouverneurs de la rosée) nan lang kreyòl nan yon powèm e li te pwodui yon ti videyo ak li kite pase nan plizye chenn televizyon an Ayiti. Pandan peryòd kouwònman moun ki te fè pati Trezò Nasyonal Vivan yo, gen anpil tèks ki onore pesonalite sa yo, se potorik gason sa a ki te ekri powèm sa yo. Anpil moun konsidere l tankou yon powèt nasyonal gran okazyon.

Ekriven an pwofite pataje yon nan pi gwo rèv li pou akademi an: «Akademi an pral travay pou pèmèt tout moun k ap travay nan administrasyon piblik sèvi ak kreyòl ayisyen nan lèt k ap ekri osnon tout lòt dokiman k ap soti pandan l ap konsakre anpil rechèch pou estandatize lang lan.»

Akademi Kreyòl Ayisyen pa p ka reyalize objektif sa pou kont li, fòk egzekitif la ta fè yon kolezepòl ak li. Sitou nan denyè jou sa yo akademisyen yo te fè gwo plenyen lè yo wè egzekitif la pa mande yo kisa yo pot pou vann.

Ses derniers articles

Réagir à cet article