AKADEMI KREYOL AYISYEN

Kout je sou lavi akademisyen Ernst Mirville

Ernst Mirville se youn nan senk nouvo akademisyen ki fenk entegre Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se pa yon entelektyel wòwòt, men se yon moun ki fè esperyans nan plizyè domèn tankou medsin, sosyoloji ak antwopoloji. Li pwomèt l ap mete tout sa li konen nan Akademi Kreyòl la k ap batay pou lang kreyòl ka bay bon jan rezilta.

Emmanuel Thélusma
Par Emmanuel Thélusma
26 mars 2018 | Lecture : 4 min.

« Ayiti twouve li nan yon sitiyasyon malouk. Lè nou reflechi byen, lang kreyòl la kapab ede l sòti nan tribilasyon kote li anfale a », se pawòl sa yo Ernst Mirville ki te gen ti non jwèt li Pyè Banbou deklare. Fòk nou di nan epòk ekriven kreyòl yo te kòmanse louvri bouch yo anndan peyi a, sou Franswa Divalye, yo te oblije sere vrè non yo, pou yo te pwoteje lavi yo, lavi fanmi yo, oubyen pou yo te evite prizon. Se poutèt sa Ernst Mirville te gen non vanyan sa a.

Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou) montre l kwè anpil travay Akademi kreyòl la

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.