Ou Mechan (Kanaval 2018) de Roody Roodboy

Eya papa Yo yo yo yo Prezidan Roody èske w pap pale de pwoblèm yo Prezidan Roody ki solisyon w gen pou pwoblèm yo (2x) Banm f on ti pale avè nou Si w peye EDH lakay ou Mete men w anlè bat men w – pla pla pla Si w peye DINEPA lakay ou Mete men w anlè bat men w – pla pla pla Prezidan Roody èske w pap pale de pwoblèm yo Prezidan Roody ki solisyon w gen pou pwoblèm yo (2x) Bon men pwoblèm pou yo Entèletyèl paka jwenn travay Abolotcho ap jwenn chèk mò Bay zam nan ghetto fè nèg batay Se sak fè chak jou n konte kèk mò Jous kilè – bwat leta yo ap sispann gen koripsyon Jous kilè – nap sispann bay pèp la manti nan eleksyon Jous kilè – n ap sispann konfonn vyolans avèk opozisyon Jous kilè – n ap konsyantize pou n bay pèp la bon direksyon Pèp la nan nesesite manke inivèsite Pa gen eletrisite, touris pè vin vizite Fok sa chanje (7x) Wi fok sa chanje Timoun yo paka al lekòl pa gen pwodiksyon agrikòl Palmante san protocol devan blan y ap pòte kòl Fòk sa chanje Wi fòk sa chanje Gaspiye lajan nan fè bèl kanaval Pa gen ase ekipman nan lopital general E sekirite a menm li pi mal Pa gen ankadreman pou polis nasyonal Woy kafou ayopo – bow tande ou tonbe Monte Petyonville – bow tande ou tonbe Pòtay leogan – bow tande ou tonbe Rive Kafou – bow tande ou tonbe Konbyen manman, konbyen pitit Pou w kite ak dlo nan je zanmi m Fòk sa chanje, fòk nou grandi imaj sa pa bon Li le li tan pou n aprann reflechi Le w boule on mache kote w lage madan sara yo Wap manifeste poukisa w kraze vit machin yo Pa peye pwofesè kote w lage elèv lekòl yo Pede fè grèv kote w lage sa k vle travay yo Woy ou mechan Anmwey mezanmi ou mechan Ou di w bezwen mete lapè andan peyi a Ou di w bezwen sekirite andan peyi a San w pa janm vle monte chèk lapolis la Li lè l te tan pou w te voye ale minista Woy mayo – vire anlè Mouchwa – vire anlè Kepi – vire anlè Drapo – vire anlè Vire – anlè Si w ap fete san vyolans mete men dwat anlè Si w pa gen kouto nan men w leve men goch anlè Si w pa gen katcha pika leve de men w anlè E si tout fwa wap byen pase fè m wè nou tout ap balanse Balanse yo Again ankò Zamabrey zamabrey – eya papa eya papa Woy nou pedi Manno – Manno Charlemagne Nou pèdi Boulo – Boulo Valcourt Ou menm ki gen lavi – fòk ou loure li Fòk ou ka loure li – fòk ou loure li Louwe, louwe, louwe – Louwe letènèl la Louwe louwe – de men n anlè pou letènèl la Oh way (8x) Van Pran Yo [Kanaval 2018] • MaestroDi yo sa nou sonnen on lòt jan Ane sa n fè bagay yo on lòt jan – oh yeah Tout timoun vini pou nou bay bon jan – oh yea Sa k renmen m yo – men anlè Sa k avè m yo – men anlè Sa kap tann yo Fè m tande men nou – pla pla pla pla pla Si n renmen djaz la – pla pla pla pla pla Si n tap tann Vayb sa – pla pla pla pla pla Si renmen djaz la Ane sa n fè bagay yo on lòt jan – oh yeah Tout timedam vini pou nou bay bon jan – oh yea Sa k renmen m yo – men anlè Sa k avè m yo – men anlè Sa kap tann yo Fè m tande men nou – pla pla pla pla pla Si n renmen djaz la – pla pla pla pla pla Si n tap tann Vayb sa – pla pla pla pla pla Si renmen djaz la Woy woy woy woy Yo pa ka manyen n anlè n ye (3x) Sak pa vle mache - atè Sa ki mal kanpe - atè Sak kanpe pa back - atè Atè atè plat Sa kap kritike – atè Ki di n pap pase – atè Sa k pa vle chanjman Atè Atè atè plat De konkou kloray eklate nan figi yo Sa ki pate kwè yo Sa ki tap ranse yo Fanatic Vayb yo Fanatik Maestro Pa kite pye nou atè Leve de men nou anlè Leve Ti medam yo di – anlè n ye Elèv lekòl yo di – anlè n ye Kote timoun yo ye – anlè n ye Pa kite pye nou atè Leve de men nou anlè Leve Blòdè resan m yo – anlè n ye Chofè taxi moto m yo – anlè n ye Fanatik Vayb yo – anlè n ye Ki djaz sa – Maestro Maestro Men djaz Sa k devan pa kanpe sa k dèyè avanse Nan mitan djaz la cho Maestro ban m van pou m vole Vole vole pi wo Vole Men Michael Guirand Soti Chile rive Pòtoprens – sa w pote Pèp Ayisyen an mande sa m pote – anlè n ye Men kisa m pote Pote mayo – leve l anlè Pote chemiz – leve l anlè Pote drapo – leve l anlè Vran pran yo Men bon Vayb la Chèche ti cha nou pa wè ti cha Ti To nou pa wè ti To Yo tout ap farinen – van pran yo (2x) Ba yo van Van pran yo Toto pou ti to Kreyòl pale kreyòl konprann Toto pou ti to Se sa tout pèp la ap mande Toto pou ti to Kreyòl pale kreyòl konprann Ba l on moto sabouray Channmas channmas Men Vayb Maestro a Map pran bò goch la Kite mwen pran bò dwat la Nou pral montre kisa n peze Moun a goch yo Mika di – leve de men nou anlè Epoko sa Moun a dwat yo Ti Hans di – leve de men nou anlè Wi kounya n pral fè l ansan m Tout moun – leve de men nou anlè Ay ah ay ay Si lanmou pa kenbe l fè l pase Woy Si lanmou pa kenbe l fè l pase Woy De konkou kloray eklate nan figi yo Sa ki pate kwè yo Sa ki tap ranse yo Fanatic Vayb yo Fanatik Maestro Pa kite pye nou atè Leve de men nou anlè Leve Profesè lekòl – anlè n ye Kote rasta yo – anlè n ye Tout lari a di – anlè n ye Men Michael Guirand Soti Chile rive Pòtoprens – sa w pote Pèp Ayisyen an mande sa m pote – anlè n ye Men kisa m pote Pote mayo – leve l anlè Pote chemiz – leve l anlè Pote drapo – leve l anlè Vran pran yo Men bon Vayb la Chèche ti cha nou pa wè ti cha Ti To nou pa wè ti To Yo tout ap farinen – van pran yo (2x) Ba yo van Van pran yo Limen Brikè [Kanaval 2018] • T-ViceMèt beton an lage Kisa pou n fè ankò Valè bagay nou fè Gen sa k pa janm dakò Pèp la wè yo antò Yo pito fè konplo tan pou yo bat bravo Sak avè m Ann ale batay la kòmanse Tout solda rasanble Kenbe fè m Oh non pa lage Nou subi twòp abi mwen di fòk sa fini Pa bezwen fache ban mwen sa m merite Nikiya nikiya nikiya (2x) Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn Siklòn Mathieu – move pa pote n ale Siklòn Jòj pase Siklòn Jeanne pase Men Irma pase Ki van n bezwen – van libète Ki van – egalite Ki van – fratènite Se sou channmas depi van sa rive Vire yo vire yo – mayo Vire yo vire yo – kepi Vire yo vire yo – chemiz Vire yo vire yo Vire yo vire yo (2x) Toto Toto pi rèd (4x) Wach se wach – nan dada koripsyon Wash se wach - nan dada lamizè Wach se wach – nan dada vole Wach E ou menm ti lepè Panse m te bliye Sak te fè aktualite a Sak te fè pawòl anpil la Chaje malfèktè kap fè move aksyon Toujou mache ak brikè w prekosyon pa kapon Si w nan sitiyasyon ou pa konn sa pou w fè Ale mande Rambo la baw tout solisyon Tout fanatik T-Vice (3x) Rale brikè n Rale rale brikè nou Rale pou n boule minòt yo Nap rale brikè n, n ap boule minòt yo – baw (2x) Boule yo (4x) Woy kite l tou limen (4x) Lè Bondye di wi, lèzòm pa ka di non Beton an se pou nou, se pou nou, se pou nou Aksepte l Rele anmwey (3x) (Repeat) Men twonbòn original la Vice2k tonton, chante Si n vle lòt nasyon respekte n Fò n ka kòmanse viv nan linite Chanjman ta dwe priyorite n Pou grann pwisans yo sispann kritike n Ede m chante - wo Ede m rele - ah Pèp la ap mande – oh Kot Ayiti prale – ah Ansan m ann chante – oh Pou n fè yo tande n – ah An nou pran konsyans – oh Pou Ayiti vanse – ah Ou tap mande pou bagay Men bagay (3x) Devan Roro kap grate li Li pran poz lap fè cho Devan Roro kap grate li Poutan se anba l ki cho Devan Roro kap grate li Sa n pral fè avè l Mennen l nan famasi Pote pomad (7x) (Repeat) Mezanmi sa l di la ? « Nou fèt pou nou met tèt nou ansanm uni nou antan ke frères et sœurs dans le futur pou y opa fè typ de frekantasyon sa avèk nou« Se pa frekantasyon se frekansite, enbesil Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn Siklòn Mathieu – move pa pote n ale Siklòn Jòj pase Siklòn Jeanne pase Men Irma pase Ki van n bezwen – van libète Ki van – egalite Ki van – fratènite Se sou channmas depi van sa rive Vire yo vire yo – mayo Vire yo vire yo – kepi Vire yo vire yo – chemiz Vire yo vire yo Vire yo vire yo Toto Toto pi rèd (4x) Wach se wach Wach se wach M pral poze w kesyon kite m poze w kesyon T-Vice avèk Djakout sa w pi pito – T-Vice Nou pa egare Anlè Anlè Nèt [Kanaval 2018] • Kreyòl LaKanaval 2018 Kreyol la rive ankò Again and again and again na Tout moun di again and again and again na Se pa pou dat li vle travay l ap chèche l pa jwenn Li pa g on goud l ap brase yo rele l bredjen E chak lè l vle pase yo vle kase ren l Poukisa n pa gen on system ki panse pou jèn Si nou te envesti nan lajenès nou tap anlè anlè nèt Si nou te ba yo priyorite nou tap anlè anlè nèt Si jen yo ta jwenn opòtinite nou tap anlè anlè nèt Anlè anlè nèt Met Ayiti sou wout chanjman An n ba yo bourad bourad bourad bourad Trase ekzanp pou nou gide yo An n ba yo bourad bourad bourad bourad Yo gen bon zèl ann ba yo van Van pran m non si w menen m ale Se nan syèl ma rive Rele van rele van rele van Mabouya rele van Demele men w demele pye w Ouvè men w pran elan w Iya iya iya iya iya Bat zèl ou pou w vole - Iya iya iya iya Bat zèl ou pou w vole – plop plop plop Si w kout si w kout, pran elan vole Ou met leve piwo vole Kreyòl La se lanmè nou pa sere kras Tout moun konn sa Pa mande m lagè si w pral mande m gras Tout moun konn sa Gen twòp moun sou latè kap goumen pou plas Nou pral vire tout lè bagay pou n vole kite tè a Vole kite tè a Kounya fè m wè Mayo – anlè Chemiz – anlè Kaskèt – anlè Mouchwa kite y anlè Nap vire yo anlè pou n vole kite tè a Vire mayo vire mayo – vole kite tè a Vire anlè vire anlè – vole kite tè a Drapo – vire yo Mouchwa – vire yo Sèvyèt – vire yo Vire anlè Anle anlè nèt Manman manman manman - Anle anlè nèt Kreyòl La toujou Anle anlè nèt Pou w ret anlè fò zèl ou bon - Anle anlè nèt Kounya fè m wè Bagay pa pou blòdè se pou limena l ye Limena kounya – gen lanmou pou fo cheve manman Limena kounya – yo gen lanmou cheve curly Limena kounya – gen lanmou cheve pann sou do yo manman Limena kounya – y opa vle wè cheve krepi Si yo ta di w kouri Si yo ta di w kanpe Si yo ba w lòd bese Si yo mande w vole Pa vole pa vole – si fo cheve a mal kole Pa vole pa vole – pou malè rive lòt la pa rive w Pa vole pa vole – pou ke cheval ki nan tèt ou a pa vole Si afe w byen tache medam souke cheve nou De dwèt anlè li valide Valide – souke cheve yo Valide – si w byen tache Valide – Cheve yaki a Valide – na souke yo Valide – cheve remi an na souke yo Valide – sou chanmas nou valide Pou n pran kouròn nan Gen moun ki pa vle wè n chita sou twòn Eseye fè konplo pou gaye wonn nan Nou ta toujou renmen se menm kolòn nan Ede m chante Woyy an nou aprann apresye Gen jèn ki gen kapasite Men nou pa vle ba yo pase Se sak fè yo prale Channmas souke tchatcha anlè Pou m fon kòb mal chile Nan ti peyi sa gen twòp malfektè Pou m fon kòb m al chile Kreyòl La se lanmè nou pa sere kras Tout moun konn sa Pa mande m lagè si w pral mande m gras Tout moun konn sa Gen twòp moun sou latè kap goumen pou plas Nou pral vire tout lè bagay pou n vole kite tè a Vole kite tè a Kounya fè m wè Mayo – anlè Chemiz – anlè Kaskèt – anlè Mouchwa kite y anlè Nap vire yo anlè pou n vole kite tè a Vire mayo vire mayo – vole kite tè a Vire anlè vire anlè – vole kite tè a Drapo – vire yo Mouchwa – vire yo Sèvyèt – vire yo Vire anlè Anle anlè nèt Bagay pa pou blòdè se pou limena l ye Limena kounya – gen lanmou pou fo cheve manman Limena kounya – yo gen lanmou cheve curly Limena kounya – gen lanmou cheve pann sou do yo manman Limena kounya – y opa vle wè cheve krepi Si yo ta di w kouri Si yo ta di w kanpe Si yo ba w lòd bese Si yo mande w vole Pa vole pa vole – si fo cheve a mal kole Pa vole pa vole – pou malè rive lòt la pa rive w Pa vole pa vole – pou ke cheval ki nan tèt ou a pa vole Si afe w byen tache medam souke cheve nou De dwèt anlè li valide Valide – souke cheve yo Valide – si w byen tache Valide – Cheve yaki a Valide – na souke yo Valide – cheve remi an na souke yo Valide – sou chanmas nou valide Bat Bravo Pou Yo [Kanaval 2018] • Olivier MartellyChak sa m fè yo mande m pou m fè plis Oh wi Big O that Big O this Mwen gen yon rèv pou m chanje yon peyi Anatandan pou kò m m ap fon hit nan figi yo Gen yon pawòl kap pale Big O se li k Plezikanaval la Gen yon pawòl kap pale Big O gen plas li nan kanaval la Gen sak la pou jije, pap janm felisite Sila kap mete may pou yo fè yon bagay Nou pran rezo sosio pou di moun tout vye mo Nou nan salon lakay chita fè tripotay Menm lè m fè sak bon nou soti pou n blo m Woy ann aprann bat bravo Men dwat anlè men goch anlè Frape men nou – pla pla Frape men nou – pla pla (2x) Alo getho m yo chofè moto m yo Ti machan mwen yo Anpil respè pou nou Pou nèg lari m yo, elev lekòl yo Mete demen n anlè pou n bat bravo pou yo Kite yanlè kite yanlè – bat bravo pou yo Kite kite de men n anlè - Bat bravo pou yo (2x) Alo etidyan, alo komèsan Alo peyizan Anpil respè pou nou Sak renmen devlopman k ap travay pou chanjman Mete de men n anlè ann bat bravo pou yo Kite yanlè kite yanlè – bat bravo pou yo Kite kite de men n anlè - Bat bravo pou yo (2x) Leve mayo n anlè – konsa Mete mouchwa n anlè – konsa Souke yo souke yo – souke (2x) Souke Wey Alo Le Francais, yo sezi Pipi nan lari – non Leve men sou fanm – non Bay manti sou moun – non Sa pa ladan l sa pa ladan l Ensekirite – non Polisye kap tonbe – non Moun kap kraze brize Sa pa ladan l sa pa ladan l Alo Sogener Tropic SA Bongu Tirezone eske nou dako Haiti jan l dwe ye Bon lekòl travay la sante Fòk nou tout pote kole Pou n met Ayiti sou wout chanjman Alo prezidan, alo lapolis Alo paleman anpil respè pou nou Pou tout DJ mwen yo animatè mwen yo Mete de men n anlè ann bat bravo pou yo Kite yanlè kite yanlè – bat bravo pou yo Kite kite de men n anlè Bat bravo pou yo (2x) Se pase mwen tap pase mwen pat vini pou m rete Peyi a pran chante Big O fèl ankò pou nou Retire mayo – konsa Retire mouchwa – konsa Leve drapo n anlè – konsa Big O fè l ankò pou nou Retire kepi – konsa Retire mayo – konsa Souke tchatcha anlè – konsa Big O fè l ankò pou nou Vire yo vire yo – vire Big O fè l ankò pou nou W al kache pou w bat bravo .

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
15 févr. 2018 | Lecture : 13 min.

Eya papa

Yo yo yo yo

Prezidan Roody èske w pap pale de pwoblèm yo

Prezidan Roody ki solisyon w gen pou pwoblèm yo

(2x)

Banm f on ti pale avè nou

Si w peye EDH lakay ou

Mete men w anlè bat men w – pla pla pla

Si w peye DINEPA lakay ou

Mete men w anlè bat men w – pla pla pla

Prezidan Roody èske w pap pale de pwoblèm yo

Prezidan Roody ki solisyon w gen pou pwoblèm yo

(2x)

Bon men pwoblèm pou yo

Entèletyèl paka jwenn travay

Abolotcho ap jwenn

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.