Tann jou paw - Barikad Crew

INTRO FHP Tann! Tann! Tann jou pa’w la…BC! CONDAGANA Foli pouvwa fè moun chanje, bliye pwomès yo te konn fè (Yon bann san konsyans) Foli boujwa fè moun panse poul rich li dwe yon atoufè (Yo pèdi bon sans) Yon bout viza fè moun danse, ranpe devan anbasadè (Sa se inyorans) Foli sipèsta fè moun poste tout vye foto pou yo fè wè (Sa se endesans) [HOOK - KONDAGANA] Fò w tann jou pa’w Tann jou pa’w M' te tann jou pa’m Tann jou pa’w [BRITAL] Gen yon jou Pouw pran plezi Gen yon jou Pouw reflechi Gen yon jou pouw soufri Gen yon jou Pouw rejwi Gen yon jou ou ka pèdi Gen yon jou Pou w reyisi Gen yon jou siw tonbe Gen yon jou wap leve [IZOLAN] Nan lavi pesòn moun pa gendwa dekouraje Diyite’n se fyète’n, pinga nou jete’l poutèt manje Menmlè bagay yo pa bon pinga nou fè figi’n fennen Nou wè jodi n' pa konn demen, nan figi nou se mete nen Tankou mwen menm, te tann, m' te tann jou pa’m nan Fò’w tann fò w, fò’w tann jou paw la Fò’w tann, pran pasyans Fò’w tann, gen konfyans W'ap jwenn delivrans [HOOK - KONDAGANA] Fò w tann jou pa’w Tann jou pa’w M' te tann jou pa’m Tann jou pa’w [BRITAL] Gen yon jou Pouw pran plezi Gen yon jou Pouw reflechi Gen yon jou pouw soufri Gen yon jou Pouw rejwi Gen yon jou ou ka pèdi Gen yon jou Pou w reyisi Gen yon jou siw tonbe Gen yon jou wap leve [BRICKS] Sou wout ou ka bite, leve menm si w fatige Pa rezon pou w mande kite se lè w ki poko rive Paske pakou danje e mande anpil kalkil M garanti w ou we vi sa menm pou “Ti Cangé” l pa fasil Viv an frè ak pwochen’w, ret tann tou pa w Se sak map jwe kwen, map tann jou pa m Ti cheri ouvè kalandriye’w la prete mwen Nan chache jou map pase, men si l mal tonbe map teke fren [BRIDGE - FANTOM] Si w tande yon bri kap vini lè w gade ou sè bc wap santi tout san w tresayi (Wap wè latè kap tranble Mayo kap leve) Si ou wè yon foul kap vini Kap rele anmwe men bc W'ap anvi vin pran yon ti plezi (W'ap wè men yo ki leve moun yo kap vole) [CONDAGANA] Ayisyen aprann renmen peyi’n Sispann pale li mal, pou lot nasyon pa ri n' Fè’l reviv! Nan tèt ansanm nap fè Ayiti reviv Men nan la men nap fè Ayiti reviv Ak ledikasyon nap fè Ayiti reviv Ak lapwòpte nap fè Ayiti reviv [FANTOM Animasyon] BC dejwe’m (anmwe kot BC ap jwe m prale) BC varye’m (anmwe kot BC ap ye la’m ye) BC trete’m (anmwe chak ane li fèm danse) Fè m wè men dwat anlè men goch anlè pran pozisyon Pou nou rele (Men Grandou a) Barikad la (Se nou ki wa) Nan peyi sa (Vire mouchwa) Vire’l konsa (Souke tchatcha ) Mwen di se tcha (Men grandou a) Barikad la (Se nou ki wa) Nan peyi sa (Vire mouchwa) Vire’l konsa (Souke tchatcha ) One more time! BC dejwe’m (anmwe kot BC ap jwe m prale) BC varye’m (anmwe kot BC ap ye la’m ye) BC trete’m (anmwe chak ane li fèm danse) Fè’m wè men dwat anlè men goch anlè!… [2nd CHORUS] Nou gen lontan nap ret tann (Yon jou delivrans) Nou gen lontan nap defann (Fyète, endepandans) Nou gen lontan nou depann (De enkonpetans) Jiskaprezan nou pa konprann (Sa se inyorans) Poun chanje peyi nou, fò’n pa kraze brize Poun ranje peyi nou, fo’n alfabetize Devlope peyi nou, montre’n sivilize Nou gen ti peyi nou, an nou voye’l monte [BRITAL BREAK] Siw santi ou fyè, souke drapo Si’w santi chalè, retire mayo BC mete’w anlè, li fèw awoyo Leve de men’w anlè, pouw voyel monte pi wo [BRITAL ANIMATION] Kot sa’l ye la ou pa ka tann nan Mwen konnen ou pa pwatann nan Pa kache anba kabann nan Defoule w nan mitan bann nan Potoprens lan pa savann nan Pa vin fè gagann nan bann nan Lè w kanpe nan mitan janm nan Fò w ka rete kanpe janm [BRITAL BREAK+BRICKS] O o o o o o o o o ooooooooooo (Wiii, pa gen prese tande.

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
09 févr. 2017 | Lecture : 5 min.
INTRO FHP Tann! Tann! Tann jou pa’w la…BC! CONDAGANA Foli pouvwa fè moun chanje, bliye pwomès yo te konn fè (Yon bann san konsyans) Foli boujwa fè moun panse poul rich li dwe yon atoufè (Yo pèdi bon sans) Yon bout viza fè moun danse, ranpe devan anbasadè (Sa se inyorans) Foli sipèsta fè moun poste tout vye foto pou yo fè wè (Sa se endesans) [HOOK - KONDAGANA] Fò w tann jou pa’w Tann jou pa’w M' te tann jou pa’m Tann jou pa’w [BRITAL] Gen yon jou Pouw pran plezi Gen yon jou Pouw reflechi Gen yon jou pouw soufr
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.