Pran ka kòw-kanaval 2017 Pastè blaze

Krèm, Krèm, Krèm (3 fwa) Medam kounya yo se Krèm, Krèm, Krèm Blodè kounia yo se Krèm, Krèm, Krèm Tout lajan w ba yo se Krèm, Krèm, Krèm Krèm, Krèm, Krèm Medam kounya yo se Krèm, Krèm, Krèm Sèl bagay m konnen, figi yo pral fennen Lè sa pral gen plenyen Nou gen koulè po poulè Finnen tankou po poulè II M’ tande gen lekòl gratis Nan ki peyi M’ tande nou pral gen kouran Nan ki peyi M’ tande nou gen wout anlè Nan ki peyi ooooh Nan ki peyi M’ tande grangou pral fini Nan ki peyi Prizonye pral jwenn jistis, m tande Nan ki peyi M’ tande minista itil, m tande Nan ki peyi ohoh, nan ki peyi III Tout lajounen yape ranse Tout lajounen yap radote Lòt peyi menm ap avanse Anyen pa janm regle Tout lajounen yape ranse Tout lajounen yap radote Ayiti ap efondre Anyen pa janm regle Tout peyi ap devlope Sèl ayiti k ap vlope Pase avèm, oh se kòb ki nan men w, mwen m paka tann (2fwa) Vole avèm, oh m’ paka, m’ paka tann, m’ paka tann Pase avèm oh, se kòb ki nan men’w, mwen m’ paka tann Vole avèm, oh m’ paka, m’ paka tann, m’ paka tann Pase avèm limena, Pase avèm Malopanna Pase avèm Olivia Pase avèm Emma Pase avèm Valencia Pase avèm Katiana Pase avèm Madoda Pase avèm Ipomène Pase avèm Teramène Pase avèm Agramène Pase avèm Ipona Pase avèm Bacheba Pase avèm Kethiana Se kòb ki nan men’w banm afeksyon Boure l’ cheri, banm monnen tou wi Komisyon pa chay Tout sa yo mande w di w pa konnen III Apa yo dim shalom se yon biznis M pa konn anyen non Roro Nelson te kale mazora M’ pa konn anyen non Yo dim Pouchon Duvergé ap douko M’ pa konn anyen non Yo di m’ Bicha renmen ji kawòt Yo dim ou ka medsen pandan dezan M’ pa konn anyen non Moise Jean-Charles di l’ gen yon poulaye bèf M pa konn anyen non Yo dim yo te bokse Gracia Delva M’ pa konn anyen non Aristide tonbe pou feblès kiyè M’pa konn anyen non, non m’ pa konn anyen (3 fwa) M’ pa konnen, M’ pa konnen, M’ pa konnen (bis) Non m’ pa konn anyen frè m’, dayè peyi sa pa gen kouran Na verifye Pastè blaze, fòkè Sobo, foutbolè serye, avni peyi a BET menm se telefòn moun lap vòlè Pran ka kòw, Pran ka kòw, Pran ka kòw Nenpòt sak ta rivew Nenpòt sak ta rive pran kòw Si madanm ou twonpe w piga w bwè Pran ka kòw Si w ta wèw mazora, chèlbèw pa fini Pran ka kòw Si pandan w ap douko koulèa rabi Pran ka kòw Nenpòt sak ta rive, Pran ka kòw Si w ap plede bat kòw, ou pran 2 kalòt Pran ka kòw Medam fin akouche epi se kout pitit Pran ka kò w Madanm ou fin akouche epi se yon kout pitit Pran ka kòw Si w konstip piga w pete sou moun Nenpòt sa k rive w pran ka kò w Oh dan sere Paste blaze move kou konn (4 fwa) Ohoh li move Pran ka kòw, Pran ka kòw, Pran ka kòw (2 fwa) Izolan mwen prete sa epi men kijan yo fèl Yo di m Korèl Pèd gen foli milat, mpa konn anyen non Patoutou, yo dim ou se yon grantou M‘ pa konn anyen non Yo di m yo fè paste blaze deja M’ pa konn anyen non Ti Joe Zenny ou se yon kout pitit M’ tande alman, agranman M’ pa konn anyen .

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
14 févr. 2017 | Lecture : 4 min.
Krèm, Krèm, Krèm (3 fwa) Medam kounya yo se Krèm, Krèm, Krèm Blodè kounia yo se Krèm, Krèm, Krèm Tout lajan w ba yo se Krèm, Krèm, Krèm Krèm, Krèm, Krèm Medam kounya yo se Krèm, Krèm, Krèm Sèl bagay m konnen, figi yo pral fennen Lè sa pral gen plenyen Nou gen koulè po poulè Finnen tankou po poulè II M’ tande gen lekòl gratis Nan ki peyi M’ tande nou pral gen kouran Nan ki peyi M’ tande nou gen wout anlè Nan ki peyi ooooh Nan ki peyi M’ tande grangou pral fini Nan ki peyi Prizonye pral jwenn jis
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.