Woulib - Zatrap

LEMEB Zatrap sonw misil ki pwograme wout siksè nap chèche Tout sak vle bare n' ap eksploze tout kote y’al kache Nou toujou batay se ak travay tout zatrap atache Kite’l vole vole voleeeeeee X2 LYWES Pou n’ te pase Anpil tray nou te pase heyy Chimenn trase Avan menm nou te mache heyy Wozo pa kase Pa pran bwa Zatrap pou boule non Nou refize woulib Wi nou granmoun tankou tout moun e nou lib REF 1 Wouli wouli woulib nou lage sou woulib 2 gidon 2 gidon Ayiti sou woulib Ou lib ou lib ou lib pou lage sou woulib 2 gidon 2 gidon peyi a sou woulib Anyen pa deranje Blakawout pa deranje Koripsyon pa deranje La mizè pa derange! X2 Lekòl timoun yo pa peye (Sa pa deranje) Lopital pap fonksyone (Sa pa deranje) Wap byen manje vant m’ap kòde (Sa pa deranje) map byen pase wap kemandeeeee (Sa pa deranjeeee) EMANOOX Eske se nòmal? pou kabrit tete chen e chen manje chen pou grangou e kòmsi l' te nòmal (manman) "ayayay " menm ke n' seme byen, byen an donnen mal pou nou, devenn nou kapital kou nou anba pye, ayisyen menm klas menm san ki, kou nou vle kanpe, k'envesti pou nou ret menm jan pèp fok nou pa pran tan Dòmi pou nenpòt ti plan pou fè moun ap byen pase pandan nou n'ap trepase RARA Leyogan oh, leyogan ohh se leyogan ki gen pi bon rara se leyogan ki gen pi bon tafia gen kout tanbou depiw tande’l ou mèt gangan ou mèt pastè wap danse Pòttoprens ohh pòtoprens ohh se pòtoprens ki gen pli raketè se pòtoprens ki gen plis woulibè depiw tande lajan tonbe w pa between konn kote’l tonbe lap bouleee Ban nou fonw kout tou ERNESTO avanse avanse avanse avanse san kanpe balanse balanse balanse balanse 2 kote e o, e o JAKI Lè a rive pou pèp la brase ann ale san kanpe pare poun voleee PASKAL Men woulib la nan ke kamyonèt la (volee) Men woulib la nan bouda moto a (voleee) Men woulib la lagem nan ofisyèl la (vole X9) REF2 lè yo pa jwenn woulib yanraje lè yo pa jwenn woulib yo mande debòde lè yo pa jwenn woulib yanraje lè yo pa jwenn woulib sèvèl yo gaye yanraje nan mande woulib yanraje woy yo mele yanraje nan mande woulib yanraje… woulibè woulibè bare woulibè woulibè woulibè bare woulibè rele anmwe rele anmwe bare woulibè yo rele anmwe rele anmwe bare woulibè yo REF 1 PASKAL L A la G O T go (lagooooo) Pèp la la l' jwe domino l' chomeko Ayisyen ti dwèt anlè (popow) an nou fonw out woulibè (Pow) Pa ret sou sa kap pale bè (popoppow) Sonw bann ipokrit san rabè (Pow) Woy ti dwèt anlè (pow) an nou fonw kout woulibè (popow) Pa ret sou sa kap pale bè (po po po po po po po pow) Sonw bann ipokrit san rabè.

Le Nouvelliste
Par Le Nouvelliste
13 janv. 2017 | Lecture : 3 min.
LEMEB Zatrap sonw misil ki pwograme wout siksè nap chèche Tout sak vle bare n' ap eksploze tout kote y’al kache Nou toujou batay se ak travay tout zatrap atache Kite’l vole vole voleeeeeee X2 LYWES Pou n’ te pase Anpil tray nou te pase heyy Chimenn trase Avan menm nou te mache heyy Wozo pa kase Pa pran bwa Zatrap pou boule non Nou refize woulib Wi nou granmoun tankou tout moun e nou lib REF 1 Wouli wouli woulib nou lage sou woulib 2 gidon 2 gidon Ayiti sou woulib Ou lib ou lib ou lib pou lage sou woulib 2 gidon 2 gido
CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.